Accéder au contenu principal

Retire move san

 Retire move san

 

Kisa ki pase sila ki di se yo ki ap deside pou peyi sa a? Istwa ap repete e se nan move sans lan chak jou. Stateji ap mete atè pou fini ak sa ki pi mal yo, mas pèp la. Taks sou transfè yo, moun isit pa resevwa transfè an dola nan mezon transfè yo, se an goud e ak yon to trè fèb pa rapò ak sa ki sou mache a, pil konplikasyon pou louvri yon kont dola pou ka jwen transfè w an dola, goud la kap pran kalòt san rete nan men dola, epi blip yon ogmantasyon plis pase 100% sou gaz la, san nou pa bliye gaz propàn nan san kontròl li monte lè li vle jan li vle, li 400 goud pou yon galon kèk kote. Kalòt, kout pwen, sabò, kout pye ... nan figi malere ki pa gen okenn defans, pa gen espwa menm paske menm bouch twou a li pa wè kounya. E kote ti rès ki te pou pèp la?


  • Eeeey madanm, ou kwè nap chape ? Kòb meriken an te deja ap monte, gaz la te ra, pou pote yon solisyon ak gaz la, m tande se monte yo monte gaz la, ti galon gazolin lan ap 520 goud nan ponp, ou kwè se vre sa m tande a ?

  • M tande yon bagay konsa kap pale wi Thalie. Nou mele. Ou imajine kous machin nou pral pran pou n al nan aktivite n? 

  • Bon kounya bagay la pral pi mal pase dechennen. Ou imajine bagay kap vann nan mache ? Ou tap plenyen lòt jou 3 ze pou 100 goud, se kounya ou pral wè koze, Yon ze pral 100 goud, gad pou wè sa m Di w lan.

  • Kounya, kisa yo lage ti jèn yo fè? Ou te gen metye se anba goumen ou jwen yon degaje. Se debat ou tap debat pou siviv. Kounya, ti biznis ki te konn pran 3, 4, 5,10 moun pou travay, yap ka kenbe? Otomatikman pwodwi oubyen sèvis yo ap ogmante men yap jwen menm kliyantèl la? Yap gen menm rantre a pou kenbe tout moun yo nan travay la ? 

  • Konpresyon ki pral fèt pitit

  • Se sa ki lojik la, moun nan pap kite biznis li kraze, lap voye kèk ale pou l ka gen ren.

  • Chomaj pral ogmante, gang pral ranfòse, pral gen plis vòlè paske bouch lan fann fòk li manje. 

  • Sak nèvan se paske peyi sa toujou gen devèn, se sa k pi mal yo ki ap dirije, yo lage yon vye pichon sou peyi sa wi. Pou leta bay franchiz, li pa kontrole dwán, pò, frontyè lib, gen DGI, yo fenk chanje plak epi leta pa gen kòb? Sa yo se pa lajan leta ?

  • Wap di sa, si leta diminye privilèj gro tèt isit, ranfòse dwán yo, mete plis kontròl nan DGI ak lòt kote yap kolekte taks elatriye yo pap jwen kòb pou yo ka fè restoran kominotè, bay ti peyizan bon angrè pou plante, ranfòse lagrikilti pou yon fwa, fè plizyè bon program sosyal ? Se swadizan sibvansyon gaz la menm kap bay lajan pou fè sa? 

  • Gen bagay ki pral fèt vre pitit? Ou bliye kòb palman te gen promès pou fè dis, pou fè dat?

  • Eeeeeey nou pran nan machoukèt, vye pichon wi madanm.

Eske leta pa gen kòb pou li sibvansyone gaz la? Ki bidjè leta genyen? Nan bidjè l, si l genyen, konbyen pousantay ladan ki destine pou envestisman, bon jan envestisman ? Se sèl kòb sibvansyon an ki ka fè yon bagay? DGI, ladwán, plak ki fenk chanje, redwi avantaj minis, direktè, moun ki nan leta, sispann franchiz degrenn gòch pasi pala … pap ogmante resèt leta? Li lè, li tan pou n retire move san ki nan tèt nou nan.



Ti Kozri

Rezo Kretyen Beni || RKB





Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...