Accéder au contenu principal

Bwa kale

Kiyès ki te di lòk peyi a se pi bon mwayen pou pase revandikasyon pèp ? Mete devan problèm reyèl peyi a ap konfronte ? Eske li se avantaj pou mas la vre? Si nan tan ansyen li te pote yon swadizan rezilta, istwa resan montre lòk, paralize aktivite nan peyi a pandan youn, de, twa semèn, e menm plizyè mwa pa pote anyen pou mas pèp la ki kontinye viv nan malsite e menm sa ki te gen yon ti vi miyò tonbe plat atè. Popilasyon an vin gen plis grangou, plis problèm, lavi a vin pi chè. Pandan sa a gen negosiyasyon kap fèt sou do ti pèp la. Nan konsa pouvwa an plas la vin pi fò, gen yon group moun nan sosyete a ki te pran devan nan mouvman ki al negosye pou yo jwen moso gato pa yo. Se pou sa yo te leve kanpe sou do ti pèp la se pou yo te ka negosye, non? Men, tou eske peyi a pa deja lòk? Pa gen barikad oubyen restriksyon nan anpil kote nan peyi a? Ou ka sikile alèz nenpòt kote nan nenpòt lè sou ti bout teritwa nasyonal la ? 

  • Thalie, fòk m sòti wi. Fòk m al dèyè dlo ak ti ponp pou ti frè m lan ki asmatik la. Yon sèl ki rete lakay la ki poko sèvi. Nan 2 semèn li pase nenpòt 3 tank li strese. Malgre, sa nou fè li pa amelyore. 

  • Pandan wap di sa madanm, menm mwen menm m bezwen ti dlo tou pou bwè. Pa gen menm lakay la non. Men eske nap ka pase? Eske nap jwen kote ki louvri tou ?

  • Gen yon famasi sou dèlma ki pa janm fèmen, m espere li louvri. Pou dlo a, ou ka wè gen anpil moun kote ki louvri yo.

  • Nan move tan sa kòkòt ou met espwa konsa ?

  • E ben, map eseye, m pa ka dejouraje anvan menm Mwen eseye non. Epitou, nou gen pye, nap mache, kote n rive nou rive. Bon menm bonbòn gaz la m ta dwe plen, m sou 4 jou se ak bwa nan lakou a epi po kokoye kite nan fatra lakay la nou itilize pou bouyi grenn diri. Nap peze grangou konsa sè m.

  • Ou nan menm ka ak mwen, Neph, se lafen nap konbat anba lòk sa a. Men, dlo pou bwè a pi enpòtan. 

  • Ou imajine si moun sou katye a pat mete ansanm pou fè vye ponp an fè a, wè ka nou pitit. 

  • Pa pale bagay sa fò, bokit dlo tap fè semèn. Ou sonje lòk ane pase lè ponp lan pat fèt la? ... pran telefòn ou ak kat elektoral ou a? … Ann pran lari a non. 

" Moun pa pase " "nou pa gen kay? F… tounen lakay nou " "bann enpav, se nou kap kraze peyi a " … se pawòl piman bouk pou moun ki riske pase pou yo al chache dlo, gaz, oubyen lòt bagay kay la bezwen. Menm kout rigwaz yo bay.

  • Natalie epa wap avanse …

  • Ey, ou menm madanm kote wap avanse konsa? Ou pa tande tounen lakay ou? 

  • Sa w genyen? Ou pa vin fè m tounen? Nap f… pran pòz nou la. Nap banm dlo pou m bwè ? M f… grangou, m f… swaf. M sou plizyè jou dinepa pa bay dlo pou bwè, f… banm pase, bann ch… 

  • Nathalie, Nathalie atansyon …

  • Ou pa bay ... se egare n ye … kiyès ou vle bay kout bagay ou a …

  • Lage sa madanm, lage m di w wi ...

  • Bann ti ch... kolon, bann restavèk, ti zo nou bezwen, kou yo ba nou l, nap debloke lari. Epi, m pa f… nan esklavaj, ou banm kout fwèt ou a, m tou voye w al travay nan bitasyon m. 

  • Sa madanm sa gen la?

  • Wè si n leve zago n sou mwen, li pap bon pou nou non, dayè, m koumanse anraje la, f… banm pase, ann ale Nephtalie.

"Sak pran madanm sa la? Kèk madan chèf wi" "mari w pa ba w bon sèvis yèswa? Ou chimè?"

  • Pran moun pou makak, lajann nan bounda n pou n bloke, nap tann lòt lajan pou n debloke. Di se pèp nap defann …

  • Nathalie, Ann pa pèsiste … men telefòn ou ap sonnen

  • Alo, Alo, se kiyès sa?

  • Alo, bonjou Mis, kijan w ye?

  • M anfòm wi, m pa wè kiyès non, ou paka rele m aprè? M nan lari

  • Mis, se ijan, Mwen se Peterson, mari Orphelia. Madanm mwen kase lezo, li gen anpil doulè, sanble akouchman pare. M sot eseye pase ak li pou m al lopital, m pa kapab, menm moto m jwen yo, pa vle pase. E doulè yo anpil, se li ki di m kouri vin chache w, paske ou konn fè yo, m lakay ou la m pa wè w. Silvouplè mis vin ede madanm mwen. Map tann ou lakay ou a, tanpri mis la, m pa konn lòt moun ki te ka ede nou, m pa vle nou pèdi timoun lan…

  • Ou mèt rete tèt frèt, pa panike, nap gen timoun nan, nap gen manman nan non BonDye. Map vin kounya, ou mèt al lakay ou, map kouri rive lakay pou m pran kèk bagay epi map vin jwen nou. Pa bezwen panike tande …

Pandan nap di bwa kale nèt, goudou goudou, monte barikad byen wo … kiyès nap fè mal? Konbyen moun ki pat prepare, nou kontrarye egzitans yo e nou fè ap soufri kounya? Se pèp nap defann pandan nap fè l vin pi pòv? Ki solisyon nou jwen pou mas pèp la lè se konsa nou fè l? Pa gen lòt mwayen? Bwa kale nan dèyè kiyès ?



Yon ti Kozri

Rezo Kretyen Beni || RKB





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...