Accéder au contenu principal

Dyaspora

Tout sosyete gen pou pi piti, 2 group sitwayen, yon group kap viv sou teritwa e yon lòt ki aletranje. Aletranje ou pa,  yo tout konstitiye yon nasyon. Nan yon mond kote politik imigrasyon pi dous yon kote pa rapò ak yon lòt e pa rapò ak yon nasyon. Depi kèk tan nan peyi Dayiti anpil moun ap kesyone enpak dyaspora a nan kominote a. Lè w pa tande kèk moun nan dyaspora nan enpòte zam ak katouch pou vann isit e ranfòse gang sou teritwa nasyonal la, se vye kòmantè kèk lòt ap fè kòm si yap viv nan yon lòt planèt, yo bliye si yo se ayisyen. Gen anpil nasyon enpak dyaspora a pèmèt devlòpman. Sanble Ayiti devèn tout kote menm dyaspora l paka fè diferans lan ase. Se vre, nou pa dwe minimize kèk aksyon kèk nan yo fè. Si se pa transfè dyaspora anpil moun isit tap mouri grangou. Men eske Ayiti gen yon dyaspora transfè sèlman? Poukisa dyaspora pa enplike l plis nan chanjman peyi a? Poukisa li pa poze aksyon olye li pale? Ki wòl dyaspora isit? 
  • Sa w genyen, ou fè ti figi w fad konsa Nathalie?
  • A madanm, pa gen anyen non, koze peyi sa a map reflechi ki lè nap soti ladan.
  • Hm, ka grav vre wi. Ensekirite, pa gen gaz, peyi lòk …
  • Pou rezime bagay la mangonmen. Bon, ou pa tande plizyè radyo pa fonksyone ankò akoz gaz, menm lopital fèmen. Kèk moun ki gen gaz se 500, 700 dola yo vann galon an.
  • Gaz la tounen kokayin pitit. Bon wap pale e dlo pou bwè? Prèske pa gen sa wi.
  • M tande gen kèk konpayi se lè gen kouran yo fonksyone, yo vann dlo a byen chè e pou chofè yo pote dlo a pou ou fòk ou bay yon galon gaz.
  • Bagay la rèd wi, se konsa yo te vle lekòl la louvri an wi, ap gen yon kriz grangou san presedan nan peyi ...
  • Bon ou pa tande nòt ministè a ki di lekòl la ap louvri tipa tipa …
  • Yap jwe ak nou. Pitit yo gentan al lekòl aletranje e nou menm, frè n ak sè n ki pap konn anyen tande.
  • Pandan w di aletranje a, ou konn nou gen yon gen dyaspora san koutya?
  • O, madanm konsa w lage l, m pa dakò ak ou. Ou gad konbyen kòb transfè yo voye pou fanmi yo isit? Pa di sa, gad enpak yo menmsi ou panse l te ka plis men yo fè …
  • Wi yo fè e yo tèlman fè yo fè transfè bal, transfè zam …
  • A se kèk nan yo. Pa di m ou bliye toujou gen yon gren dejwe nan yon fanmi. Gen kèk moun nan dyaspora se lajan yo wè.
  • Men kounya wap pran defans dyaspora sangwen peyi a genyen. Banm di w, ou sonje lè eleksyon Etazini dyaspora dechennen vote Biden, komsi lap fè yon bagay pou Ayiti, nou pap nan modèl dirijan nou genyen yo, sitiyasyon an pa pi mal? 
  • Bon Biden pa prezidan Ayiti, se sa ki fè m pat rantre nan jwèt koken sa a, se eleksyon li te bezwen e li tap toujou konsa.
  • Se paske nou pa gen dyaspora, yo menm ak dirijan sa yo, enterè pa yo yap defann. Dayè gad kòmantè anpil sou rezo sosyal yo. Epi tou, yo bliye sou ki administrasyon Preval remèt manda bay Mately ?
  • Pitit, wap fè m flou, m pa konn anyen nan politik tande, sèl sa m ka di w, ti dyaspora apeze grangou isit …
  • Se nòmal se yon dyaspora transfè nou genyen, men dènyeman gen konsèy nasyon zini nan Nouyòk, poukisa yo pa fè yon gro manifestasyon devan syèj ONU pou mande yo sispann ak politik kraze brize yo a nan peyi  a? E menm yo menm ap di w, rete dèyè barikad, kenbe peyi a bloke delivrans lan prèske rive, sak fè yo pa mete barikad kote yo ye a? 
  • Sa wap di konsa?
  • Levanjil map ba w la pitit ...
Eske dyaspora peyi an ka fè plis pase sa li fè ki bon pou peyi a? Eske dyaspora jwe patisyon pa l pou ede peyi a sòti nan malsite li ye a? Eske ayisyen isit kite dyaspora jwe wòl yo ? Kisa dyaspora itil peyi a?
Yon ti Kozri
Rezo Kretyen Beni || RKB


Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...