Accéder au contenu principal

VAR

VAR
Eske li nòmal pou nap viv nan venteinyèm syèk sa pou Peyi an gen zòn moun pa ka pase akoz ensekirite ? E depiw pase la, yo konsiderew kòm yon ewo. Bon, ka sa a grav anpil. Mache pèp lan, mache kotew jwen tout bagay ou bezwen, fin kraze. Se pa paske li te fèt an beton li kraze men vòlè, bandi, gang pran zòn lan an otaj e machann tankou kliyan ki konn achte pè pase la. Kisa nap fè ak peyi sa ? Kisa nou vle ?
- Nathalie, ou pap al nan fak lan? Lè a preske rive sou nou wi.
-Pa enkyetew Neph, nap gentan rive.
-Sa wap di la, li preske 8 è wi. Ou bliye Ayopò ak Nazon toujou gen yon vye blokis. A dizè nap rive .
- E ben ann pran yon bis lavil.
- KISA?
- Sa lavil genyen ? Epi si le cho, yo pase pa anndan Ayopò wi pitit, gad jan Nephtalie kapon.
- Se pa kapon, se pridan. M pa wè rezon pou pran bis la non, kòm anba l'avion Cho, se Ayopò lap pase, pitom pran kamyonèt.
- Bis la ap tou chaje Bonrepo wi. Olye ou monte desann nan kamyonèt, pito ou pran yon vòl dirèk nan bis.
- E ben ok madanm . . . ou fini ?Ann ale non.
- Ann soti non.
Efektivman yo pran yon bis lavil. Men lè yo rive drouya, chofè a fè dwat, li pa monte Ayopò. Li rive Aviyasyon menm kout baton, li fè dwat pirèd. Moun yo tonbe ap rele : “ Anmwey chofè ou fou, kote wap pase ak moun la”, “Woy Jezi sovem, men m nan mitan mechan yo”, “Chofè sim mouri la, li pap bon pou ou non, map manjew wi”, “son konbinezon ou genyen ak vòlè parèy ou yo”, “Gad figi misye, kot papaw wap Mennen nou poul touye nou”.
Anpil vye pawòl AP di, chofè an kè kalm. Nathalie AK Nephtalie wè Yon jèn gason ak yon gwo zam, ki vin parèt, kè yo ale. Chofè a gaz kole. Lè yo rive nan stasyon an, chofè a di yo : ''mete pyen' atè, bann lach. Nap radote sou tout rezo sosyal yo, menm la nou pè. Ale wè yon bann moun legliz nou ye, sin' tou mouri la na al jwen mèt nou pi rapid.''
Yon lòt reponn li: ''se Mwen ki fè la eta sa? Se pa vòlè parèy ou yo ki kraze la! Si se voye yo voyew di ou pa wèm, gang.''
Chofè an map li rale yon manchèt ki te bò chèz li an, sitwayen an pete yon kouri. Pandan Nathalie AK Nephtalie AP mache yo tande anpil bri katouch, yo mache rapid pou yo rive kote yo prale an, yo pa anreta lekòl lan.
- Nathalie ou anraje wi. Gad kote ou fèm pase. EEEEEEEEEEEEEEEEEEY, gad travay li.
- Bon, ou pa menm dim mèsi, nou pa anreta.
- Kòmsi ou fèm pase nan yon zòn konsa poum diw mèsi …. Epa wap pasem nan tenten.
- Pa dramatize bagay la, ou mouri? Yo tire sou nou? …. Non
- Wè machè, si nèg AK zam nou te wè an te deside tire lè sa ou ta blabla vre.
Ensekirite sa a kap fè raj nan peyi an, kiyès li fè byen? Kiyès li fè mal ? Nou pa sispèk nou fouye twou nou, e se menm nou menm ki tonbe ladan ? Kòmsi nou pa remake absè a pete nan figin' ? Ka grav, jwèt lan make san, ann rebat kat lan. Ann chache rezoud pwoblèm yo.

Mike S. E. CHERISIEN (Stéph LeBéni)
Rezo Kretyen Beni || RKB






Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...