Accéder au contenu principal

Dyaspora kanmenm

Youn nan pi gro problèm lòm se aksepte tèt li janl ye a, sanl pa gen foli montre li se yon gran devan pandan  pòch li gen trou, li se yon bounda chire. Se vre anpil moun vle montre yo sesi, yo sela epoutan anyen serye yo pa ye. Gason toujou gen foli montre fanm, li son afè, li gen nan menl, li se yon moun ki, WAW, ki men wotè, menmsi li pa anyen serye. Siw rive nan nivo sa a, fè atansyon.

- Oo Nathalie! Ki sant ou pran pitit ?

- Sant fèt madanm. Kouman ou ye menm ? Ou pa wè nwèl la rive, se fèt cheri.

- Hm, fèt ? Jan peyi sa ye la ?

- A, Nephtalie, ki te fèt la rantre nan ou sispann fè ti figiw frijèt, frijèt. Mete ti souri sou lèv ou madanm … Epi peyi de lòk, pa gen kowona, ann pran ti plezi n.

- E kidnapin lan ? Pandan ensekirite a rèd lan ? Ou pap viv nan peyi an Nathalie ? Rete !

- A Neph, chanje refren pitit ! PM Jouthe ap kase fe tout bandi sa yo.

- An palan, Frank ki mande w nan maryaj kifè kèw kontan konsa ?

- Se sèlman sa ki pou fè kèm kontan ? Antouka, nou poko la … Mezanmi Nephtalie! E fakilte a ? Ou pa ta vle m fini ? M pap al fè bòn gason non, fòk m gen metye pa m pou m ka rantre kòb. Zafè fanm depann de gason e pa kounya! 

- M pa di sa non komè …

- Bon ann kite koze sa. Ou sonje, James ?

- James ?

- Wi, James, ti gason ki gen pil dan devan wa dire kayiman ?

- M pa wè non !

- Sa ki tap koze ak Martine lan ? Machann sirèt lè lap pale fransè, toujou gen foli dyaspora ?

- An, King kong !

- Wiiiiiiiiiiii, madanm. Avanyè, gen kèk medam bò lakay ki tap pale, ou konnen limena kap temwanye zak yo. Gen youn ki sanble zanmi misye, kap pale, ou konnen zorèy pa gen kloti, m tap lave nan lakou an e yap pale fò, m tande kèk koze. Gen youn ki di dyaspora l la rantre lendi an, o lèl rantre, li vin ak 5 malèt plen rad, li menm ak yon sè l kite ale kay dyaspora, ooo yo gaspiye l. Li ap pale de rad dyaspora li brote, atò menm savon ipwich li pran. Kounya, David, ti kouzen m ki lakay la ki tap brote dlo pou mwen, kap dim, tifi an se de James gro dan li tap pale. Sak dròl lan, David dim se nan tenten James ap pase grimas lan.

- Kouman sa ?

- Men li, depi avril James Lagonav wi, epi li di tifi an, li Miyami. E sak dròl lan, se David ki al chache James Akayè sou machin lakay lan. 

- Li tal chache dyaspora èpòt pitit ! Èpòt la chanje zòn.

- M pa fin touyew, David dim, anvan li ale Lagonav, li achte yon ekip pèpè 2 pou 5 dola, yon ekip kilòt 3 pou 15 goud, atò menm soutyen, soulye ranyon li achte, li lave yo, li pase yo, mete ti santi bon ak savon ipwich ladan yo, li achte 5 malèt, li mete yo ladan, ou konn misye gen matant li ki rete Akayè, li kite yo kay matant li epi li ale Lagonav. Ou konn se la fanmi l sòti, li rete lòt bò a manje, bwè, bat fè.

- Te kwè yo di lagonav pa gen manje !

- Saw ap di konsa, moun Lagonav ta gentan mouri, gen gwo biznis lòt bò a wi.

- Hm antouka, medam sa yo pran nan fo dyaspora. M pansew pral dim se nan blak Fridey misye achte tout bagay li yo wi.

- Blak fridey ?

- OU pa konn sa?

- M pa tro wè non.

- Blak fridey se yon jou gran magazen yo kase pri machandiz yo pou nenpot moun achte, rad kite 1000 dola tonbe nan 200 dola, anpil dyaspora lèw wè yo rantre an desanm, malèt plen rad, pifò se nan blak fridey yo achtel.

- An ok !

- Men lòm ou an pa konn al lòt bò menm ?

- Kibò sa ? Li konn sant Miyami vre ? Te kwè li panse lè li frape kout dyaspora l la nan figi medam yo, yo ap tonbe pou li, fè chen nan pye l ! Fanm eklere tankou nou, pa fè foli pou dyaspora pèpè sa yo, pou tenten, saw wè Neph ?

- Mèwi sè m. Valpa tankou l kap fè sa, sak sanble, toujou ansanm.

- Ou wè sa tou …

 

Eske Aparans konte nan yon nivo pou itilize manti pou gen yon bon aparans ? Ou ka pa gen gro mwayen men jan ou viv antouraj ou renmen w. Fanm serye pa bezwen gason gen tit, gwo mwayen, dyaspora poul renmen l. Dayè fanm pa viv de gason nan moman an. Gason ki eklere, ki pa parèt ak manti ap toujou kenbe eskanp figi l sou sa ki itilize manti. Konkeri lemon ak manti jodia, pi devan wap pèdi l, e ou ka pèdi l nan moman ou pa ta panse. Pa kite foli lavi, pasyon gen viktwa sou ou pou fè salte. Kwè nan Bondye, kontinye mache nan wout ou, pa gen tanta sou afè moun, pa gen foli pou sanble yon lòt moun. Rete ou menm, menmsi ou jwen kritik.


Yon ti kozri 

REZO KRETYEN BENI || RKB



Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...