Accéder au contenu principal

Konsè enstrimantal AJEDBR lan, Yon konsè remakab

Apre yon gro poz kovid-19 te mete nan aktivite jenès anpil legliz pami yo jenès Bon Repo an, komite AJEDBR (Asosyasyon Jenès Legliz de Dye Bon Repo) te deside òganize yon konsè enstrimantal jou kite 20 desanm 2020 an. Menmsi komite jenès lan te konn fè aktivite chak desanb, men aktivite sila a te spesyal paske li te fèt nan okazyon pou te remete jenès la sou pye ak yon mesaj pou tout kretyen, yon mesaj ki montre adore BonDye pa fèt ak bouch sèlman men li fèt ak enstriman yo tou.

Komite 8 manb sa a te prepare, yon meni ki te gen anpil gran mizisyen espesyal. Gwoup mizisyen sa yo te vle montre diferan fason ou ka adore Bondye, e jou sa a, yo te pwofite montre kòman enstriman yo ka sèvi pou bay Bondye glwa nan tout dimansyon. Ak saksofòn, ak tronpèt, ak gita, ak vyolon, BonDye te jwen adorasyon pa l lan. Nan okazyon sa, mesye dam yo te fè yon kout lekti nan liv sòm yo, presizeman nan sòm 150, yon pasaj ki te sèvi pou fè yon rezime total sa ki ta pral pase nan aktivite a, se te yon moman pou chak grenn jèn te vin pase strès yo san problèm, san kè sote pandan yap bay Bondye yon adorasyon dènye nivo.

Chak mizisyen yo te bay yon bèl pèfòmans, pami yo te genyen (les Sanon, Prosper Marcellus ak saksofòn majik li an, Faveur Divine, Bishop Yvon Phildor, Ronald Présulmé ...) san nou pa bliye mèt seremoni an, M Yvener Saint Louis, ki se youn nan animatè Radyo Vwa Levanjil, presizeman animatè emisyon ki rele ''tempo 95'', li te met anpil chalè ak anpil anbyans ...

Finalman chak grenn jèn te santi yo nan po yo ak anpil satisfaksyon. Pou yon konsè gratis, meni an te chaje. Se te yon rivyè lajwa ki tap debòde lakay chak patisipan konsè a. Se sak fè tout moun ap kwaze dwèt yo, priye Bondye pou gen yon lòt edisyon, ane prochèn. 


Daphnide GÉDÉ
REZO KRETYEN BENI || RKB




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...