Accéder au contenu principal

2 katastròf : kidnapin ak kowonaviris

Kisa ki ap pase Ayiti nan dènye jou sa yo ? Eske otorite yo bese bra yo ? Pa gen solisyon ? Bon, gen yon swadizan operasyon ki te fèt nan youn nan zòn cho yo, men eske se yon operasyon vre ? Oubyen yon sanblan ? Jan anpil videyo bandi yo pibliye sou rezo sosyal yo ap fè it. Epi, kot bilan operasyon an ? Lapè tabli ? Antouka, Se ak anpil pèn pou n te tande premye minis peyi an, premye polisye, chèf CSPN lan kap lage responsabilite sekirite popilasyon an nan men menm popilasyon sa a. Se mèt kò ki pou veye kò l, pa rete pròch yon moun ou pa konnen, se pa moman pou fè grajè, pran woulib nan men Moun ou pa konnen. Kòmsi Moun ki gen machin renmen bay pyeton woulib. Nou dwe vijilan vre paske polisye yo okipe nan kraze manifestasyon ak tout ti regroupman moun kap mande kanpe vàn ensekirite a. Epi, si se popilasyon ki pou sekirize tèt li, pil machin vit tente yo, anpil ki san plak e menm popilasyon sa ki pou fè tchèk ladan yo ? 

Pandan tan sa a, yo kidnape medsen, medsen leve kanpe, yo touye avoka, avoka leve kanpe, yo touye etidyan, etidyan leve kanpe. Yo fè politik ak viktim yo, ak mò yo. Yon viktim rantre yon lòt, Évelyne Sincère gentan jwen jistis wi pa vre? Nou tonbe nan Doktè Télémaque ki fè n bliye ti Sincère. Yon viktim rantre yon lòt, yon mò rantre Yon lòt. Kilè nap sispann wè enterè pa n ase pou nou chanje sa ? Lè otorite peyi w lage w se ou ki pou al souke l pou l pran responsabilite l. Si l pa kapab, se pou l bat dèyè l ba yon lòt moun plas la, peyi an paka kraze pou yon sèl Moun. Nou wè jan sa ye lakay vwazen nou, repiblik Dominikèn, zero tolerans. Se pa paske ou te zanmi, fanmi ansyen prezidan pou dwèt ou tranpe nan koripsyon pou yo pa mare w. Bravo dominiken. 

Antouka, premye minis lan avèti nou gen 2 katastròf se nou ki pou veye tèt nou. Ti inosan ki ale nan yon lòt katye kote yo se enkoni, mele. Yo tou mande w rete nan patiraj ou, pa al lwen. Leta ap penyen lage nèt, nou pran nan stipidite, enbesilite. Epi, operasyon teyat. 

-Nephtalie, kijanw ye la ?
-Apa nou kòmè
-Peyi an ap degrendole nèt wi kòmè.
-Pitit, pa pale fò. 
-Dènyeman, map li kèk mesaj lè yo te kidnape doktè Télémaque lan, genyen ki dròl anpil wi.
-M te li youn ki te di : "libere Dòk la! Lamedsin pa gen kòb pase sa a, kidnape premye minis lan ak prezidan pito. Se sèl sektè nan yon peyi pòv ki gen kòb, se sektè ki sou pouvwa ! Sispann met plis soufrans sou do malere ak malerèz, si n bezwen lajan se Prezidan ak PM la pou n kidnape bann san manman."
-Mesaj sa a te frapan wi. Men, sak dròl la, yo kidnape doktè, pil doktè soulve, se te menm jan pou avoka. Se tankou chak blòk ap jere pa yo. 
-Se nou tout ki pou kanpe, youn kore lòt paske yap touye, yap kidnape, yap deploye, yap etan n yon klima vant mare, dlo nan je tout kote. Epi, nou wè enterè blòk nou sèlman?
-E ben nap rantre pi fon chak jou nan tristès ak dezolasyon. 
-Nou dwe kontinye mande sekirite ak jistis madanm ! Ou imajine nou paka sòti, gen kote ou paka ale. Si wap sot nan nò ou vle al nan sid, se ak kè sote.
-M sonje yon twit m tap li, ki di oooo DCPJ idantifye pifò kidnaping k ap fèt yo sòti nan zòn yon vilaj. Yo bloke rantre zòn nan ak separatè paske yo paka rantre al pran bandi yo. Bandi yo fache yo bay presyon, PM Jouthe fè debloke wout la. Aprèsa nou sezi kidnaping nan ogmante pirèd. Nou pa tèm ?
-Bon epa menm PM sa a ki tounen jounalis ki ap di bandi yo te atake polis nan vilaj la. Epa menm li menm ki avwe sou radyo karayib nan jou yo la, oooo li pa gen kontròl lari a, lap di se nou ki pou veye sou tèt nou. Yo eseye anpil bagay ki pa mache. Yo pap dirije anyen. Bandi ap fè move san sou li, rele l pou joure l nan telefòn. 
-Si n pa kale je nou depi kounya, nap jwen wi. Bon gen yon vagabon ki menm di lòt ane ann parye nap fete Happy kidnaping day, tèlman li wè nou pran sa pou nòmalite.
-O m dakò ak li. Ou imajinew, nèg la ap jwi privilèj li epi nou menm nou nan a a.
-Se nòmal tou paske nou kanpe ap gade nèg yo kap jwi privilèj nou ba yo e nou pa fè okenn presyon sou yo pou yo pran responsablite yo. Ann kontinye sanble kòb pou nou bay lè yo va kidnape nou tou.
-Bon jan bagay la ye la, se sauve qui peut wi, siw byen gade leta ak bandi fè yon sèl. Pouvwa egziste gras ak gang yo. Epi, lapolis menm egziste selman pou kraze moun kap revandike dwa yo.
-Nou tout konplis paske nou inyore nou gen devwa kòm sitwayen. Nou pa vote tenten pou mil goud, e lè yon pouvwa ap kale wès, yap pase nou nan tenten, foure dwèt nan je nou, se pou n revòlte, di fwa sa a se tròp atò. Dwèt sa a kap bay problèm lan se pou l kase. 
-Èske mesye dam kap dirije peyi an, dòmi trankil chak swa, yo annik monte kabann yo, dòmi tankou Yon ti inosan, tankou yon ti bebe nan tete oubyen, menm jan ak pitit pèp la, yo soufri ensomni, troub dijestif, derègleman òmonal, frison, laperèz, anksyete ...? Wap mache, yon moun kouri travèse ou prèt pou kouri, ou lakay ou pòt la frape oubyen nenpòt bagay tonbe nan lakou a, ou pè, ou vin pi mal pase kapon. Ou pantan pou ti krik ti krak. Kijan moun kap dirije peyi a viv ? Yo alèz nan sitiyasyon yo mete popilasyon an ?
-Madanm, hmmm. Krèv kè.
-Sak dròl la, gen atis ki pral fè je yo chèch pou di nou men kimoun pou n vote lè eleksyon wi, pran nòt. 
-Sèl sa m konnen moun ki pa nan politik, ki pap pale nan koze peyi a pou chanje eta l, pa ka kandida ni di w ki kandida pou w vote. Fòk moun sispann pran daso nan peyi a. 
-Ayisyen vin lach wi kòmè. Yo ensousyan. Yo nan laperèz la, yo pè di sa wi. Yo bouche nen yo, non sèlman yo bwè dlo santi a, menm labou santi a yo manje wi. 
-E ben, peyi an prèske antere.




Yon ti Kozri 

REZO KRETYEN BENI || RKB





 














Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...