Accéder au contenu principal

Ayiti pa Nou an, kisaw dwe konnen ?

Ayiti Pa Nou An (APNA) se yon group refleksyon ki lanse gras ak lide Wilder Pierre Charles, lide li te pataje ak plizyè lòt jèn inivèsitè ak profesyonèl. Se yon òganism trè jèn ki kòmanse chita e reflechi sou problèm peyi a depi 2 janvye 2020 ak lide pou yo poze aksyon pi devan. 

Yo te kòmanse reyini ak 4 moun men kounya gen plis pase yon dizèn moun ki vin jwen yo e pataje menm vizyon an, ki se: travay pou Ayisyen an viv byen nan peyi l, Ayiti, yon peyi ki dwe vivab pou tout ayisyen epi pèmèt Ayiti klase pami peyi devlope yo. Òganism lan gen yon komite ladan ki la pou jere tout aktivite ki konsène l, komite sa a gen ladan : 
  • Bildad Paulson Marcelin, kòwòdonatè ;
  • Wilder Pierre Charles, kòwòdonatè adjwen ; 
  • Mike Stéphane E Cherisien, Sekretè ; 
  • Ricardo Jean François, pòt pawòl ;
  • Enso St Vil, trezorye ;
  • Sébastien Daniel François, delege. 
Pou yo poze premye pyon an, nan jou dimanch ki te 22 novanm lan, yo te reyalize yon jounen deba sou tèm sa a : ''ki Ayiti nou vle ?'' sa te fèt pou non selman piblik lan konnen group refleksyon sa a, men tou raple nou menm, ayisyen, kiyès nou ye, ki kote nou sòti, kisa zansèt nou yo te goumen kite pou nou e prezante jeneral lame endijèn lan, lidè ki mennen endepandans lan, Jean Jacques Dessalines kòm yon jeyan gason nan listwa peyi an malgre plizyè istoryen diskredite l, bafwe sa l te fè yo e dekri l kòm yon move moun, yon sadik san kè, san santiman. Chak sijè sa yo, te genyen entèvenan spesifik pou yo e nan fason yo tap elabore ak entelijans, ak konesans li te fasilite piblik lan konprann, eklere lide sou chak pwen ki te debat yo. Piblik la te reyaji ak divès kesyon yo te poze. Anviwon yon trantèn jèn gason ak jèn fi te fè deplasman pou asiste gran deba sila a, e yo te sòti satisfè de sa APNA te ofri yo a. Nan fason pa yo, yo te kontribiye pou te fè jounen refleksyon deba sa a yon reyisit pou APNA.

APNA lanse apèl la e deside mete tout resous li, tout konesans li pou yon nouvèl Ayiti, ki ap posib si Mwen menm, si ou menm, si lòt yo, si nou tout pran konsyans de kote n sòti , kote n ye e ki kote nou te dwe ye, pran konsyans kounya e gad ki kote nou vle ale, mete men nan pat la pou chanjman sila a kap bon pou nou tout rive fèt.

Djune Dorléans 
pou Rezo Kretyen Beni || RKB





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

VAR

VAR Eske li nòmal pou nap viv nan venteinyèm syèk sa pou Peyi an gen zòn moun pa ka pase akoz ensekirite ? E depiw pase la, yo konsiderew kòm yon ewo. Bon, ka sa a grav anpil. Mache pèp lan, mache kotew jwen tout bagay ou bezwen, fin kraze. Se pa paske li te fèt an beton li kraze men vòlè, bandi, gang pran zòn lan an otaj e machann tankou kliyan ki konn achte pè pase la. Kisa nap fè ak peyi sa ? Kisa nou vle ? - Nathalie, ou pap al nan fak lan? Lè a preske rive sou nou wi. -Pa enkyetew Neph, nap gentan rive. -Sa wap di la, li preske 8 è wi. Ou bliye Ayopò ak Nazon toujou gen yon vye blokis. A dizè nap rive . - E ben ann pran yon bis lavil. - KISA? - Sa lavil genyen ? Epi si le cho, yo pase pa anndan Ayopò wi pitit, gad jan Nephtalie kapon. - Se pa kapon, se pridan. M pa wè rezon pou pran bis la non, kòm anba l'avion Cho, se Ayopò lap pase, pitom pran kamyonèt. - Bis la ap tou chaje Bonrepo wi. Olye ou monte desann nan kamyonèt, pito ou pran yon vòl dirèk nan bis. - E ben...

Le confinement en Haiti

Le confinement serait-il la meilleure solution pour empêcher la propagation du Covid-19, surtout dans un pays comme Haïti À chaque situation qui a tendance à perdurer et à impacter d’une manière ou d’une autre la vie sociale, politique et/ou économique, s’en vient son lot de mots à la mode, son vocabulaire de circonstance… Qui est branché les infos en ces temps de la pandémie du nouveau coronavirus, et n’a pas déjà entendu des dizaines de fois, sans exagérer le fameux mot confinement ? Bien évidemment à côté d’autres mots et expression très en usage comme principes d’hygiène, distanciation sociale, mesures de prévention, cas suspects, cas confirmés etc. Il est clair que cette maladie qui a commencé vers la fin de l’année  2019 en Chine, et qui n’a pas tardé à se rependre dans bon nombre de pays, a catapulté le monde dans un chaos soudain et désarmant. Le covid-19 a réussi à mettre, même les pays les plus avancés de la planète face à leurs limites, et fait planer sur les pay...

Un petit coup d’œil dans le dossier Dermalog

Retournons sur un dossier sur le régime PHTK de Jovenel Moise Dermalog Identification Systems GmbH, basé à Hambourg, est le pionnier du développement de produits et systèmes biométriques. Elle est considérée comme le plus grand fabricant allemand dans le domaine biométrique. Elle développe en permanence des systèmes d’identification biométrique automatiques, des systèmes d’identification automatique par empreintes digitales, des appareils de pointe de numérisation d’empreintes digitales. Elle développe un ensemble de produits comme empreintes digitales, reconnaissance du visage et de l’iris, le système multi-biométrique … Au fil des ans, cette entreprise acquiert une réputation mondiale. Pourquoi l’État haïtien aurait sollicité les services de Dermalog ? Pourquoi ce dossier est un scandale ? Le 19 avril 2017, le président Jovenel Moïse a adopté, en conseil des ministres un projet de loi instituant la carte d’identification nationale unique, portant sur la protection des données ...