Accéder au contenu principal

Yon ti pas

 Yon ti Pas

Tout sosyete gen Yon jan yo abòde relasyon fanm ak gason. Gen sosyete degre libètinaj la tèlman wo, yo alèz pou yo fè nenpòt bagay, nenpòt kote, nenpòt kilè. Men, gen sosyete ki tèlman kwense fason Yon fi ye ak yon gason gentan gen yon non menmsi pa gen anyen serye. Nan sosyete sa yo, moun yo parèt pi jouda. Sosyete ayisyèn nan trè kwense nan apròch yo sou sijè sa a. Men, nan tout diskriminasyon fanm lan parèt tròp. Yo pi fasil kondane yon fi akoz relasyon li ak gason pase Yon gason li menm ki pase anpil fi. Fanm adiltè yo tap lapide a montre sa a. Sosyete yo dakò, gason ka pase yon pil fi, son pleybòy, son jènjan. Men, lè se Yon fi ki pase Yon latriye, li son .... Nou sonje sa yo konn di yo. Sosyete yo konstwi konsa, pou fè fi yon jwe ròl bon timoun epi, gason an nan tout vogsal li. Eske li jis? Mit, sa la lontan e yo enjektel bay timoun yo. Tifi pa mache kay ti gason, tifi pa sòti, tifi pa jwe ak ti gason ... Pouki tout sa? Si nap bay restriksyon pouki tout pa ladan ? Eske mank edikasyon seksyèl ak move oryantasyon pa devye timoun yo? Eske nou pa pouse timoun nou yo vin renmen relasyon seksyèl akoz nap kache yo? Eske se mank konesans ? Eske se povrete a ki rann nou kwense a? Kot problèm lan ? ...


  • Nathalie ? Kotew soti la?

  • Pitit, m sot kay Nadia. Tifi detay, tifi chacha. Touye li sot touyem la. Lap vin la talè.

  • Hmmm, bagay la bon nan men nou …

  • Hello mes chéritures. Neph, muaaah, Talie, muuuuah. Kijann ye la?

  • Neph, madanm sa yo bay pou Nadia, siw koutel wap kite wout syèl la wi.

  • Aaaay tifi, kòman kite wout syèl la? Neph, pa okipe Talie. Eske ou imajine, ou rive devan Bondye epi li diw saw te pran pou peche, tout sa yo konn AP rakontew pou pa fè yo se bobin? Ou te ka enjoy ou alèz, pran pleziw, al nan plaj AK bebe ou? Ni ou, ni Talie nou pa tap regrèt?

  • Bon sa wap di la? Nadia, fòk ou wè Yon sikològ wi. Neph, pa okipe tifi a non, son pèdisyon 

  • Kijan pèdisyon an? Map louvri je tifi a, pou li wè klè wap pale konsa. 

  • Bon, ni ou, Neph, ni ou, Nadia, nou tou de fòl. Nou chak mennen vi n selon sa nou aprann. 

  • Pitit, gen eksperyans lèw fin fèl ou pap mande rete. 

  • Menmjan tou, gen Yon jan ou ye nan levanjil, ou pa fouti kitel. 

  • Ou imajinew, Yon bon sware, ou fatige, lapli AP tonbe, wap sot nan fak, ou kanpe nan lapli AP tann kamyonet epi, Yon machin kanpe devanw li bese vit li epil diw, ti chérie, ki kotew prale? Ou gad chofè a, li … waw, li poli, ou santi koud foud la, ou …

  • Bon ki sa wap rakonte Moun la Nadia, lougarou vin chachew epi ?

  • Pe la tifi kitem rakontew. Jou sa a, m pap baw manti, tout kòm fè chè poul pa paskem frèt non, paske zòrèy Mwen tande Yon bèl vwa maskilin. Timoun, la pou la m monte nan machin, li banm nimerol, li pran Pam nan, nou pale, li mennenm devan lakay la, anvan sa nou te … 

  • Ou te mèt pe wi. M konn saw pral di.

  • Men se pa Yon krim, kòm pou mwen, m bay Moun m vle. 

  • Nan konsa yo ka kidnapew, tirew, vyolew, touyew. Ou fou tifi. 

  • Nou genlè pi mal pase Jude, nou menm. 

  • Evre?

  • Wi, nou san lè mandem konbyen nèg m pase tou. Paske, m wè depi avanyè Jude se sa sèlman li vle konnen. 

  • An pasan konbyen ou pase?

  • Pouki poum di nou?

  • Nou pa zanmi ankò ?

  • Poum onèt ak nou, m pa sonje. Se pa sa ki pou nan tèt Mwen. 

  • Sim byen konprann yo tèlman anpil ou bliye? Se ekip foutbòl wap fè?

  • Pitit. 

  • Diw sak bèl la? Malgre ou konsa Jezi renmenw. Ou vin jwen li, lap chanje viw. Maladi sa a ou genyen an …

  • Kòmsi Neph, m malad?

  • Wi, nanm ou malad. 

  • Banm tèt mwen. Yon sèl vi nou gen, serel, pa netwaye tout anndanl. 

  • Ka pèdi sa yo Neph ou pa preche yo. 

  • Jezi renmenw tande Nadia … 


Nap swiv


Yon ti kozri 

Mike Stéphane E Cherisien 

REZO KRETYEN BENI || RKB 




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...