Accéder au contenu principal

Kep Dèmalòg, Krèy elektoral

Eske nou nan moman pou fè eleksyon ? Eske popilasyon an bezwen yon lòt konstitisyon ? Kijan fè se Yon pouvwa bout ponyèt ki ap fè e defèt ? Jan anpil Moun ap konstatel, blan meriken a travè anbasadè li Madan Sison lage yon twit pou montre gouvènman meriken an ap ede ayisyen yo jwen solisyon an. Men, depi kilè meriken zanmi ayisyen ? Depi kilè yo konn ede nou ? Dim, depi kilè yo vle wè byen pou nou? Anpil pale ap fèt, kòm kwa yo pa gouvène yon peyi sou twitè, diplomasi pa fèt sou twitè elatriye. Men, twit anbasadè fanm lan, se pou ayisyen isit la li fèl ? Eske se pa prepare lap prepare teren an pou aktyèl gouvènman jwen repons ak kesyon yo ka pozel sou jesyon ka Ayiti a ? Twit sa a se pa pou meriken ak ayisyen nan dyaspora li ye ? Menmjan ak anpil lòt dosye cho, ka Ayiti an cho tou nan men dirijan meriken yo. Eleksyon ap rive lakay yo nan mwa novanm, repons yo dwe sou tèt bouch yo. Kisa yo fè pou Ayiti kap trepase pa dwe koke chòt sal gouvènman meriken sa a. Kijan yap ede Ayiti la mezanmi ? Kitem ri ...


  • Thalie, Saw genyen ou distrè konsa pitit ?

  • O, madanm ! Panse ak peyi sa a … hmmm

  • A bon, pa chase strès, rete konsa. 

  • Bon, ou pa wè jan dirijan yo pa respekte okenn prensip konstitisyon an tabli ? Yo ap kraze tout sak te baz sosyete a ?

  • Sa lap di la Jezi … 

  • Bon pawòl wi. Ou pa wè, enstalasyon konsèy elektoral la fèt malgre manb konsèy la pa ale devan jij nan kou kasasyon an ? E sak dròl la, minis ki te bay lakou an presyon pou krazel la lè premye minis lan te vin mande padon an, debake nan lakou a ak pil gang ak kagoul. Sa ensipòtab.

  • Konsèy elektoral wap di wi Thalie ? Ki kote ? Ki Peyi ? Jan peyi sa a ye la, ka gen eleksyon ? Bon koze minis sa a wap pale a son wont wi, pou Yon nonm fòme, pase tan nan fakilte pou ou aprann pou ka yon moun demen, pou ou tonbe nan ranpe pou pouvwa, fè dyòb sal la tankou yon restavèk, ka grav wi, nèg isit pa bon menm non.

  • Wap konnen, pouvwa dous, tout bagay bon pou kenbe l, a ta saw konnen m konnen an yo ta fè.

  • Yo tap menm vann manman yo pou kenbe pouvwa wap pale.

  • Epi tou, arete sòti, konsèy pase nan palè nasyonal epi pwen final. Blan pale epi se avozòd. Epa tchoul blan nèg isi ye? 

  • Kòmsi, ti twit sa madan kisa sa  lage a fè yo ap fè tenten ? Kòmsi m te tande yo te menase tout moun ki anpeche eleksyon fèt. Epa vre? Te mal tande ? 

  • Yap bloke viza yo gen lè. Nèg isi pa negosye viza non. 

  • E ben eleksyon ap fèt wi. 

  • Fèt ? E pèp la ki gen dènye mo a, wap wè mèvèy. 

  • Epi, yo pa wont, yap fè vog sal yo. Ou te wè madanm blan je vèt la te nan palè ak yo lè KEP a te la ?

  • E pa mwen kap diw li pat mete pyel, li kite yo fè tenten yo pou kont yo. 

  • Bon, ann kite eleksyon epa menm konstitisyon yap manyen tou !

  • Oo, pouvwa sa son pouvwa avi wi. Bannann 50 tan, si yo pa vle 100 tan wi. 

  • Men wap bay blag. 

  • Oo, blag ? Pa gen opozisyon, blan ak nèg la, sosyete an ap dòmi, nou lèd, nou sal, nou sòt, ka nou grav, je nou pete … 

  • Antouka, prèske gen lanmò janm wè a.


Ti pa ti pa nou sanble ap rantre tèt dwat, je fèmen nan yon diktati. Pandan gen dosye petro Karibe, kat dèmalòg, pa gen palman, plizyè rapò koudèkont rete san pa gen swivi, masak Lasalin, Bèlè, ba Dèlma, plizyè lòt masak, asasina batonye an, etidyan damyen an, ak anpil lòt ankò mache dola ki pa gen kontròl, grangou, lavi chè, blakawout, fatra tounen po flè nan lari elatriye. Pou vle deranje konstitisyon. Epi, yap pale de eleksyon, ki eleksyon? Eleksyon ak kep dèmalog sa ?  Kòm 7 fevriye 2021 nan pa pòt la, nap swiv sa ki pral pase. Ala ti peyi devèn mesye, oo. Ann swiv. 


Yon ti kozri

Stéph LeBéni

REZO KRETYEN BENI || RKB






Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...