Accéder au contenu principal

Mete gaz nan bouda yo

 Mete gaz nan bouda yo

Nan yon sosyete kote gen bagay ki pap mache, popilasyon an itilize plizyè mwayen pou yo fè tande vwa yo. Anpil fwa se manifestasyon yo itilize. Men, nan peyi isit depi otorite nan gouvènman tande manifestasyon, yo menm yo panse ak polisye pou kraze li. Eske se efreye yo efreye ? Kijan otorite yo panse ? Pou sitwayen tonbe anba bal bandi san fwa ni lwa, tankou batonye an, mèt Monferrier Dorval ki tonbe anba bal devan lakay li, tankou etidyan memoran nan fakilte Agronomi nan Inivèsite leta a, Samul Mical ki tonbe anba bal ajan Bim nan zòn Klèsin, pou pil lòt moun ki tonbe swa nan masak, swa nan atak bandi, pou popilasyon rete bouch b ? Pou polilasyon an pa di se tròp atò ? Bouche nen nou pou nou bwè dlo santi sa ? Etidyan, avoka, popilasyon an di kou sa pap pase e manif te programe men polisye yo te reponn a lapèl pou kraze mouvman sa yo. Epi, vyolans gaye. Kawoutchou ap boule ... Kiyès ki repsponsab ? Antouka, kontinye mete gaz nan bouda yo. Jodi se pou yo, et demen ? Sonje pouvwa a pa etènèl. 


  • Nathalie ? Kotew prale la ?

  • Manifestasyon tèt dwat cheri

  • Kisa?

  • Manifestasyon etidyan fakilte dwa yo.

  • Kòmsi ou rantre nan bagay sa yo?

  • O ! Kijan? Bon, batonye a te prof nou wap di sa. Ou pa sonje bon bèt li konn ba nou nan kou dwa konstitisyonèl lan

  • Pitit, wi li te prof nou. Li mouri paix à son âme. Nou pap ka fè anyen pou li retounen alavi …  Epi, m pap rantre nan fè mouvman. Talè ou tande gen nèg ki te cho devan bann nan, yo achte yo. Apresa ou vin viktim … 

  • Sa wap di la, pa mete rad sou ou pou nou ale. M ta pito rele Stanley pou vin botew la, ti kapon. Siw rete bouch b, ou pa pale, sa ap janm chanje ? E si se yon pròch ou kounya ki tonbe, Se lè sa ou pral pran lari mande jistis ?

  • Hmmm …

  • Al preparew Map tann ou. Fòk nou jwen jistis. Tren lanmò sa a fòk li kanpe. M tande yap met lame pou kwape bandi m ta renmen konnen ki lame ? Epi, ou pa tande sak rive etidyan damyen an tou ?

  • Antouka … 

  • Ann ale pitit. 

Kèk minit aprè, Nathalie ak Nephtalie rive devan fakilte dwa. Byen bonè bakòp polis, blennde polisye yo gentan la. Se kòmsi, polisye yo vin louvri manifestasyon etidyan yo. Pandan Yon ti ransableman fèt, bat men an koumanse. Kèk moman aprè deblozay pete. Yon blende lapolis an pàn kawoutchou, polisye ki te ladan yo an, santi vi yo menase ap tire gaz, manif kraze. Etidyan di kou sa pap pase konsa, yo rantre nan gè, avèk wòch kòm minisyon, afrontman te lanse. Polisye pran kout biswit leta pase saw pa konnen. Menm rive gen yon etidyan ki pran bal. Yon lòt fwa manifestasyon kont enjistis, kont pouvwa tèt chat, kraze nan itilize represyon, gaz ak bal. Men, kisa ki koz tout sa rive ? Eske popilasyon an pa gen dwa eksprime fristrasyonl, degou li genyen ak tout vog sal ki ap fèt nan figil ? Eskel pa gen dwa revandike ? Mò yo ap jwen moso lajistis pa yo ? Malfra yo, otè entelektyèl ak ekzekitan yo ap anba kòd ? Pèp la sanble pap jwen ti rès la vre mesye dam ! 


Yon ti kozri 

Stéph LeBéni

REZO KRETYEN BENI || RKB






Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Dyaspora kanmenm

Youn nan pi gro problèm lòm se aksepte tèt li janl ye a, sanl pa gen foli montre li se yon gran devan pandan   pòch li gen trou, li se yon bounda chire. Se vre anpil moun vle montre yo sesi, yo sela epoutan anyen  serye yo pa ye. Gason toujou gen foli montre fanm, li son afè, li gen nan menl, li se yon moun ki, WAW , ki men wotè, menmsi li pa anyen serye. Siw rive nan nivo sa a, fè atansyon. - Oo Nathalie! Ki sant ou pran pitit ? - Sant fèt madanm. Kouman ou ye menm ? Ou pa wè nwèl la rive, se fèt cheri. - Hm, fèt ? Jan peyi sa ye la ? - A, Nephtalie, ki te fèt la rantre nan ou sispann fè ti figiw frijèt, frijèt. Mete ti souri sou lèv ou madanm … Epi peyi de lòk, pa gen kowona, ann pran ti plezi n. - E kidnapin lan ? Pandan ensekirite a rèd lan ? Ou pap viv nan peyi an Nathalie ? Rete ! - A Neph, chanje refren pitit ! PM Jouthe ap kase fe tout bandi sa yo. - An palan, Frank ki mande w nan maryaj kifè kèw kontan konsa ? - Se sèlman sa ki pou fè kèm kontan ? Antouka, nou po...

2 katastròf : kidnapin ak kowonaviris

Kisa ki ap pase Ayiti nan dènye jou sa yo ? Eske otorite yo bese bra yo ? Pa gen solisyon ? Bon, gen yon swadizan operasyon ki te fèt nan youn nan zòn cho yo, men eske se yon operasyon vre ? Oubyen yon sanblan ? Jan anpil videyo bandi yo pibliye sou rezo sosyal yo ap fè it. Epi, kot bilan operasyon an ? Lapè tabli ? Antouka, Se ak anpil pèn pou n te tande premye minis peyi an, premye polisye, chèf CSPN lan kap lage responsabilite sekirite popilasyon an nan men menm popilasyon sa a. Se mèt kò ki pou veye kò l, pa rete pròch yon moun ou pa konnen, se pa moman pou fè grajè, pran woulib nan men Moun ou pa konnen. Kòmsi Moun ki gen machin renmen bay pyeton woulib. Nou dwe vijilan vre paske polisye yo okipe nan kraze manifestasyon ak tout ti regroupman moun kap mande kanpe vàn ensekirite a. Epi, si se popilasyon ki pou sekirize tèt li, pil machin vit tente yo, anpil ki san plak e menm popilasyon sa ki pou fè tchèk ladan yo ?  Pandan tan sa a, yo kidnape medsen, medsen leve kanpe, yo touy...

À qui le tour ?

  À qui le tour? ''Assassinat du Sensei (maître) Kadhafi Saphir. Il est à la fois Vice-président et entraîneur national de Kyokushin (karaté sans protection) et est assassiné par balles le jeudi 3 septembre 2020 à l’Acul non loin de Gressier sur la Route Nationale numéro 2 … À qui le tour ?'' ''Le Bâtonnier de l’Ordre des Avocats de Port-au-Prince, Monferrier Dorval, a été abattu, devant son parking, en rentrant chez lui dans la nuit du 28 août 2020 à Pèlerin 5. Ce même quartier où réside le président de la République, M. Jovenel Moïse, dans la commune de Pétion-Ville …  À qui le tour? '' '' Le jeudi 27 août 2020, ont eu lieu plusieurs assassinats dont Jean Wilner Bobo, tué par balles à Pétion-Ville, Frantz Adrien Bony, Chroniqueur de radio, tué d’une balle à la tête dans la nuit, Michel Saieh homme d’affaires, tué par balles par des individus circulant à moto … À qui le tour? '' '' Le jeune professeur et entrepreneur, Obelson Pie...