Accéder au contenu principal

Kriminalite

 Kriminalite

Eske gen Yon sitiyasyon ki pi kawotik pase sa nap viv la? To kriminalite a trè trè wo. Dènye jou sa yo tout Moun, tout kouch, tout kote viktim. Lè se pa ajan bim ki tire Yon etidyan, se batonye yo krible ak bal. Lè se pa bandi san fwa ni lwa ki tire sou bis kote menm bebe pran bal, se katye popilè yo atake, mete dife nan kay nan zòn lan. Ki donk, nap viv nan Yon sitiyasyon kote group gang ap konbat lòt group gang. Men eske se vre pouvwa gen group gang pal? Eske se vre group ame pouvwa byen òganize epi ap mache kraze lòt group gang yo ? Eske se vre G9 an fanmi e alye se lame pouvwa ? Anpil kesyon pou ta poze pou konprann kisa kap regle nan peyi sa.


  • Kòmè ou pap ale nan mache a ankò?

  • M pa sou ale, lidem pa dim ale.

  • A sak pranw la, anba pa gen anyen non, si se pè ou pè, m byen bezwen kèk bagay na ale ansanm.

  • E ben, banm Yon ti tan poum preparem.

Kèk minit aprè, Nephtalie ak Nathalie sòti. Yo rive nan mache kwadèmisyon pou yo al fè kèk pwovizyon. 

  • M pral anba nèt kote Moun mòn yo vin vann lan, m bezwen yon ti pwa. Ann desann non 

  • E ben mache pitit …

  • Talè Neph, banm achte Yon ti patat ... Konbyen lo yo machann?

  • 10 dola, 20 dola …

  • Ou pap bay 3 pou 20?

  • Non madanm, tout bagay monte wi ti cheri, ou pa wè dola meriken an ap pike mòn? 120 goud li ye wi.

  • Sa machann sa ap di la? Se an ameriken ou achte patat yo?

  • Wap gentan konnen m gen Yon ti gason Sendomeng chak mwa se dola meriken m voye pou li. Epi, pa fè bouch mwen pale, siw pap achte sot devan komès mwen.

  • Oo, men madanm nan AP bat mwen. Ou bay twa pou 25 ?

  • A son pongongon ou ye wi ! Voye yo voyew pou mwen ... Vini non, kòm se premye kliyan m reziyen mwen. Achte non ...

Neph ak Thalie desann nèt nan mache Moun ki sot nan mòn yo. Pandan yap achte konsa, katouch tonbe chante. Kèk bandi ki vin opere? Gen moun ki kouri, genyen ki kouche atè plat malgre labou ak salte. Se vi yo yap sove … 

  • Anmwey Thalie, wè li, wè li e sak fèm pat vle vini an wi, ou pa konn kilè …

  • Pe la tifi, men yap pase. Rete kouche ou pa bezwen leve tèt ou

  • Jezi sovem, Jezi sovem, hmmmm … 

  • Men yo ale, leve ... Leve vit pitit, yo ale … epa wap tranble, banm edew pote. 

Pandan yap sot nan mache a, yo tande. '' men gen Yon lòt group ap desann yo sot met dife Bit Bwaye'' '' nèg sa yo pi mechan '' ...

  • Nephtalie, sa wap fè la?

  • Tonio, nan mache m te vini wi ...

  • Nou pap gentan pale non, men pran moto sa pou nou ale paske nèg kap vini yo pi mechan. M tande se 2 group bandi ki ini yo kap kraze lòt baz anwo a. Yap kraze mezi sa yo jwen, gen ranfò ki sot jis lavil wi. 

  • Moto yo pa vle kanpe non. Nephtalie pitit, Ann mache tande.

  • Ak pil sak sa yo nou vle mache a?

  • O wi.

  • Ou pap ka mache Nephtalie. Motoooooo ... Ok, Jonhy depoze medam sa yo pou Mwen ale vit. 

  • E Ou Tonio ? Wap rete?

  • Wi, map rantre nan koridò sa a Map tonbe lakay dirèk. 

  • Mèsi wi ti cheri, Mwen ale. 

  • Ok boo …


Anba anpil katouch, machann kouri fèmen komès yo. Moun ki vin achte nan mache a kouri rantre lakay yo. Moun blese, Moun mouri, kay boule ... Bandi san fwa ni lwa opere. Kilè sa ap fini? Eske popilasyon an ap jwen yon souf ? Ann swiv ….


Yon ti kozri 

Stéph LeBéni

REZO KRETYEN BENI || RKB









Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...