Accéder au contenu principal

vi nan mòn

 Vi nan mòn

Ayiti son peyi kote disparite an trè gran. Diferans sosyal ak ekonomik ant moun ki nan klas sosyal diferan yo gran anpil. Richès moun nan boujwazi depase nèt ale sa Moun nan klas mwayèn lan, yon klas ekonomik ki vin dirèkteman aprel. Epi ki klas mwayèn? kiyès ki nan klas mwayèn lan ? Inivèsitè salarye ? Ann fon kout je sou lavi moun nan mòn yo, vi yo nèt man diferan de vi moun ki nan gro vil yo. Wa dire se 2 peyi diferan. Wout, aksè ak dlo, swen sante, kouran, enfrastrikti, tout bagay sa yo diferan nan 2 vil sa yo. Wa dire Ayiti pa yo an diferan de Ayiti Moun lavil yo. Ou ka sezi wè yon kote ou ta dwe pran ven minit pou ale si te gen bon mwayen transpò ou fè twa zèdtan paske ou oblije fèl apye. Menm moto pa ka pase. Épi gen kòb pou gaspiye nan banbòch tankou kanaval menmsi pa gen lopital, gen kòb pou fè gwo fonksyonè leta rich men pa gen ase pou mete baz Yon devlopman dirab. Epi nou di nap fè peyi.
- Dyaspora lokal, koumanw ye la? Epa m wè son bò ou ye, epi men nan senti. Sak pase?
- Nephtalie pitit, sim diw kotem soti la a, sak rivem kote sa a, wap sezi.
- E ben chita, rakontem pitit. Kouman sa te ye ?
- Madanm, mwen ale poum fè yon semèn, men m pa kapab menm an jwèt. Wè se 3 jou m fè.
- Sak pase Nathalie ?
- Mwen ale samdi, pa vre ?
- M kwe sa wi… kounya wap banm pawòl poum bay vag ?
- A pitit, saw gentan gen la? Hmm. Pa konn siw al la déjà men … hmmm. Pou monte mòn yo, pou rive kotem tap ale an, se moto m pran, nou fè anviwon dezèdtan ap kouri, monte mòn, desann mòn. Chofè a pote nenpòt 4 moun, youn sou tank lan, 3 lòt yo dèyè.
- KISA?
- Janw tandel lan. Li depozen' nan yon stasyon moto anlè a, lèm rive m wè yo tap tann mwen, apre, m mache, m mache , m mache. M rive annik rive m lage kòm sou Yon nat.
- Rete
- Machè, pou wè moun yo wi. Mwen ale ak Yon galon dlo, se li m bwè, li ki lave ti koukoun mwen wi.
- Eeeeeeeeey, sal ye?
- Pa tap mete dlo sous sa yo nan machandiz chèm lan.
- Pa touyem non Nathalie.
- Bon pawòl wi. Wè dlom fini, m rantre sòm. Men pou wè wout Moun yo fè pou yal dèyè yon ti dlo sous. Se li yo bwè, li ki pou benyen, li ki fè tout bagay. Gen mizè wi. Ou sonje dokimantè nou tap gade sou sa lajan petrokaribe fè Sendomeng, wout pasrèl AK pil lòt bagay men isit Hmmmmmm.
- zonbi manje kòb lan.
- kotew jwen sa wap di la?
- Epa zonbi ? Wa jwen kòb sa siw kapab.
- machè nap jwen li e anpil moun ap pran kòd.
- Men lap reve. Ou konn sak plis touyem lan nou sot pase 3 mwa lòk, lavi vin pi chè, yo jwen kòb pou fè kanaval, e sak dròl lan, enpav yo ap danse devan cha la prezidans. Plezi sèlman ki nan tèt yo.
- Kisa ?
- Ou pat pran nouvèl pandan ou nan mòn lan ? .... Nathalie, Nathalie ... Leve pitit ...
Kisa nou vle fè? Peyi ou boutik ? Bon menm boutik gen prensip. Isit lan, nou pa konn anyen nan anyen. Gen kòb pou pran plezi men pa gen kòb pou chanje lavi moun ki pi mal yo. Sa sa kouten' pou nou fè moun nan mòn yo viv byen ? Pou mete bon jan kondisyon pou moun viv tankou Moun? Nap mouri si nou pran byen ak lajan leta pou devlope peyi an ? Banbòch ap fèn bliye grangou ki nan peyi an? Plezi AP fèn' jwen kòb poun' peye lekòl timoun nou? Pil fèt ap mete lajan nan pòch? Fè kanaval ap mete manje nan asyèt ? Ann fè peyi e non boutik.

M. Stéphane E. Chérisien (Stéph Le Béni)
Yon ti kozri || Rezo Kretyen Beni






Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...