Accéder au contenu principal

L'enquête se poursuit

Eske Ayiti se pa youn nan ra peyi kote tout ankèt toujou aloral, yo pa janm ateri ? Si nou swiv tandans lan, depi yon zak fèt, se yon proch pouvwa aktyèl la kifè l, ou gen kòm garanti yap kole yon ankèt ki pap janm abouti. Ki donk ou pap janm jwen jistis. Nan ki pwen ankèt Jean Dominique lan ye? Li fini ? Responsab lanmò li yo anba kòd ? Ankèt sou zak sasinay Brignol Lindor la te abouti ? Néhémie Joseph, Jacques Roche … yo jwen jistis ? Kounya, ankèt sou asasina batonye an, Mèt Monferrier Dorval, etidyan lekòl nòmal la, Grégory Saint-Hilaire, etidyan nan Agronomi an, Samul Mical … nan ki pwen yo ye souple ? San nou pa bliye plizyè masak ki fèt deja yo, masak nan Bèlè, nan Tokyo, nan Ponrouj elatriye. 

E ankèt sou kòb peyi an sansi fè dap piyanp sou yo an, nan ki pwen yo rive ? Kòb kowoperativ, kòb CIRH, kòb petro Karibe, kontra dèmalog, pil sifaktirasyon yo … eske Ayiti ap jwen yo ? Pou chak dosye toujou menm refren an, une enquête est ouverte, apre kèk jou, poze yo kesyon sou ankèt la, yon sèl repons, l'enquête se poursuit. A la ti peyi ka jwen, hmmm.


  • Nathalie, ou kwè mò nan peyi sa a ap jwen jistis ?

  • Kounya ou vle touye mò yo ak pawòl jistis ou an pa vre.

  • M serye wi, menm Sila ki mouri grangou ta dwe gen yon ankèt ki louvri paske yon peyi rich konsa pa ka gen tout grangou sa a. Tout richès peyi a paka repati ak yon sèl ti group ki pran peyi a an otaj, se yon ti bout tè tranzit.  

  • Ou serye Nephtalie ? Nan zen ou bezwen mete m ? Talè m tande map konplote kont site leta.  

  • Sak pranw la ? Ki konplo ? Yon bann etranje vin rich nan peyi an, kraze tout sa ki atrè ak nasyonalis, patriyotis. Mete sou li, Yon ekip lòt blan je vèt, rantre nan peyi an achte yon valè tè. Plede di peyi an pa bon. Li pa bon epi yap achte tè isit ? Ou pa wè se deyò yo vle mete nou e si nou rete, yap fè konplo pou grangou touye nou. 

  • Aaaa Neph sa wap di konsa. Yo ka toujou renmen peyi an. Kot problèm lan ? Se yo ki koz pil malere vote pou mil goud ? Yo ki koz nèg kap desann pantalon li gouye sou yon cha kanaval prezidan ? Yo ki koz yon izipatè, yon swadizan vòlè dirije peyi an ?

  • A pitit banm tèt mwen, yo pa konplis nan sak rive nou an ? Kiyès ki kroupi nou nan kras la ?

  • Sa lap di la Jezi, si nou pa louvri pot ba yo, yo te ka rantre ?

  • Ou te ka pa louvri ?

  • Antouka, pa wè l konsa. 

  • Ann serye, avèk legalizasyon gang ame nan peyi an, ou panse sa ka ranje ? Ou panse mò yo, viktim yo ap jwen jistis ? 

  • Aaaaaaa, bagay yo pat dejenere konsa pat gen jistis, se toujou menm kantik lan, l'enquête se poursuit, se pa kounya, kote bagay yo terib nèt la, yap jwen ?

  • Dayè kounya, bagay la fèt pi swa yo, bandi ap pot lòt bandi bay lapolis, bandi se anketè lapolis ? Tout otè zak sasinay yo ap sikile libelibè. 

  • Ou imajinew, wap viv nan yon peyi kote, majistra, prezidan, minis, direktè bwat leta gen men yo tranpe nan pifò zak sal kap fèt nan peyi an ? Epi, ou dim se blan ki koz ?

  • Bandi legal mete ak tonton blan, madanm. Paske fòk ou dim kot zam yo sòti ? Kot katouch yo sòti ? Ayisyen fè zam kounya ? Te kwè Ayiti gen anbago zam ?

  • Tout sa wap di la se bobin fil, sèl sa m ka di w depi w viktim ou antò paske ou pap janm konn wout jistis nan peyi isit, se nou ki pa bon. Lap toujou konsa paske nou pa sou fè peyi.  

  • Dosye krim, dosye detounman lajan leta, dosye sifaktirasyon, dosye kontreband elatriye tout nan enpas, pa gen dwèt kap kontrole l ? Se sèl ayisyen ki ap gagote lajan peyi an ? Pouki chak ti don yo fè peyi an, chaje ONG ki rantre ? Di pito, Ayiti pap jwen jisitis. Yap kole yon ankèt ki pap janm abouti. 


Nap swiv 

Yon ti Kozri 

REZO KRETYEN BENI || RKB







Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...