Accéder au contenu principal

Yon 11 novanm malè


Eske paran ayisyen ka pi malen pase pitit yo ? Sitiyasyon paran ayisyen yo konplike fas ak timoun ki toujou renmen konnen, sitou sila ki pa gen tròp mwayen kote chanm timoun yo kole ak chanm pa yo. Ti moman plezi ki pou fè paran yo bliye pwoblèm lavi e rive nan setyèm syèl oblije fèt an kachèt paske timoun pa dwe konnen. Gen paran ki itilize plizyè taktik, fè timoun dòmi bonè, ba yo siwo pou yo dòmi, voye yo kay vwazin, kay grann, kay matant, oubyen louvri radyo byen fò nan chanm lan konsa tout bri fè yon sèl. Men, malgre tout sa gen timoun ki pi malen ki detounen tout koub sa yo pou yo rive konnen. Ala mizè pou ti paran ayisyen !!! Men, eske se pa paran yo ki lakoz ? Ou menm paran, pitit ou poko janm mandew kijan li fè fèt ? Si l mandew ki repons wap ba li ? Eske depi ou gen timoun ou oblije ba tèt ou kèk restriksyon oubyen wap veye pou alèz nan kay la ? Eske nou fè edikasyon seksyèl timoun yo ?


  • Nathalie, yon refleksyon map fè depi avanyè. 

  • Sa l ye la Neph ?

  • Eske paran nou yo fè eksprè pou pa fè edikasyon seksyèl timoun yo ?

  • O Nephtalie !!! Sa w pèdi nan koze sa ?

  • M pa gen dwa pale tout bagay ?

  • M pa di sa men jan paran yo ye a se yo sèl ki konn pouki. Ou paka fòse yo pou chanje sa non plis paske si yo gen siksè ak li, yap toujou kenbe l. 

  • Men se la, ou konn a fòs ou kache yon bagay pou timoun lan, se lè sa lap chache konnen. Li ka mal aprann, epi, kot siksè a ?

  • Wi, gen siksè. Men tou, fòk paran yo genyen pou yo bay timoun lan. Si yo pat jwen sa, lap difisil wi pou yo bay timoun yo yon bon baz sou kesyon sa a.  Paske, lontan se ankachèt wi bagay sa yo konn fèt. Ou imajine se paran kap bay pitit yo mari oubyen madanm. Papa m konn banm istwa li dim se granpè m wi kite koze ak fanmi manmanm se lè fanmi an reponn e li dakò papam koumanse pale ak manmanm wi. Poum montrew si koze a se te konsa e byen lòt bagay la se pi mal. 

  • Pandan wap di sa, m sonje yon bagay ki rive jou fèt papam, yon 11 novanm, men granmoun sa yo, yo gen may wi.

  • Sal ye la ?

  • Jou sa a, papa m rantre bonè, li annik vini li kole sou manman m, chak kote manman m fè li la. Sak dròl la, li pa kenbe leson pou nou, li pa di nou si nou fin fè devwa li di Mwen AK frèm yo Al dòmi. Youn nan gran frèm yo, Tony, di fwa sa m pap al dòmi bonè fok m konn sak pral genyen. Men, manmanm ki wè nou pa sou dòmi, li di frèm lan fè lèt pou n bwè. Oo, lè manmanm fin separe, li ba nou lèt, nou fin bwè, nou kagou, nal dòmi. M pa konn si se sipotadin li mete ladan paske toujou gen bagay sa lakay la. 

  • Nou panse nou mètdam nou jwen. 

  • Yo sou men yo. Nan, demen jan m te wè ti figi yo, m pat ka konprann. 

  • Ou te ka konprann ?

  • Men, Tony te vin bann yon blag sou yo kifè m gentan sispèk sak te pase jou sa. 

  • Tony te kenbe yo ?

  • E pa kenbe non, men li te di nou gen yon lè, m pa konn si se cho bagay la te cho nan kò yo jou sa a, yo pat gad si nou tout te dòmi. Tony di n, pandan li kouche konsa li tande bèl mizik ap pase nan chanm lan, se chansonèt fransèz, se bèl ti konpa lòv. Li paka dòmi, li proche bò pòt yo a, li paka louvri pòt la pou yo pa kenbe l e pa gen twou pou l gade, li plake zòrèy li nan pòt la pou l tande. Se mizik ki tap pase, li paka tande byen sa kap fèt anndan. Mizik lan annik koupe bip, li tande yon bri, '' wi papityou, touyem papi '', li kouri vip al nan kabann li. Li tou pè pou papa n pa touye manman n. Lè li di n sa nou ri, nou ri, nou ri. 

  • Men timoun oooo



Yon ti kozri

REZO KRETYEN BENI || RKB







Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...