Accéder au contenu principal

Nou gaspiye

Pandan tout ayisyen kontan Joe Biden prezidan peyi meriken kòmsi Lèzetazini se Ayiti, kòmsi yo bliye si pouvwa tèt kale wòz la se sou dènye prezidan demokrat la li te koumanse, fòk nou fon voye je nou isit nan peyi nou pou nou gade nan ki kalte kras nap viv. Pase Yon ti dlo nan je nou pou nou reveye e wè klè paske eleksyon sa yo sanble fè nou dòmi e menm reve, chanjman petèt ? Nou pa konnen, chanjman se nou menm ki sou zile a ki pou fèl ? Oubyen nou bliye ? Pandan plizyè ane ki pase, depi menm anvan pouvwa wòz la, ayisyen ap gaspiye, blan meriken te voye je gade nou pou ede n ? Li vin plis aksantye kounya, men depi lontan, nou ap gaspiye. Nou sonje, Jacques Roche, Jean Dominique, Brignol Lindor … ? Inivèsitè kal lave veso kay blan, al benyen ti granmoun, leve bwat pou ti kòb la tonbe, yo tout gaspiye. Mete sou li, tijèn tankou Évelyne Sincère, Grégory Saint Hilaire, Samul Mical, espwa peyi a, ak nèg save tankou Mèt Monferrier Dorval, jounalis, polisye, elatriye ki gaspiye. Kilè nap louvri je nou ? Nan kras nou ye la, nou alèz ? Nou pa wè nap gaspiye ? 


  • Madanm, hmmm.

  • Sa w genyen ou pentad pentad konsa ?

  • Pitit se a sa ki rive ti pitit filo a map reflechi wi. Men, nou pa serye isit la non. 

  • Bagay sa revòltan vre wi.

  • Sak dròl la, ou pa wè se yon chèf gang ki mennen asasen an bay lapolis ? Kòmsi, chèf sa se anketè lapolis li ye. Men, otorite isit pa serye menm. Kòb leta ki la pou finanse sèvis entelijans peyi an, kote li pase ?

  • Nan fanm sou kote, nan plezi, nan bandi tou. E pa peyi yap fè.

  • Epi, dirijan isit pa sanble pa wè nan je yo, yap mande dyaspora rantre nan peyi a pou fèt fen dane yo, e pa mechan yo mechan ?

  • Peyi an gen dirijan Nephtalie ?

  • Ou pa ta lage l konsa Thalie, san filtè wi makomè. Ou ta brose l.

  • Epi, Ann serye pat gen avi rechèch kont bandi ki mennen asasen an bay lapolis la ?

  • Wap rantre nan senmèt senkant moun yo wi pitit, m pale w.

  • Kilè nap deside fè peyi menm ? Paske lè nou deside map kanpe rantre byen fon nan senmèt senkant yo.

  • Sam konnen !!!

  • Bon, banm touyew nèt, ou pa tande asasen yo mennen bay lapolis la se mennaj ti dam nan ?

  • Sal ye ?

  • Yo ba l bwè yon bagay epi yo toufe l ak oreye. Ou konn pouki yo touye l ?

  • Oo

  • Yo touye l paske li renmen ak yon nèg nan baz Bèlè a, baz menm nèg sa yo tap goumen dènyeman pou kraze a. 

  • Men li fout. 

  • Mennaj ti dam lan, sa yo arete a, se nan menm baz ak chèf ki mennen l lan li ye.

  • Bon, ki jan ou fè konn tout bagay sa yo pitit ? Anketè ou ye ?

  • Ou pap fè nouvèl ou menm ? 

  • Bon m genyen w kòm jounalis, m pa bezwen.

  • Bon, wap pale a, se manti m fè ?

  • M pa di sa non kòmè.

  • Bon banm ba w yon lòt zen, ou pat tande prezidan te di se a 10 zè 12 ou 13 yo konsa mèt la mouri e se 2 a 3 minit aprè, blòk 10 zè 15 madanm li ap montre l videyo asasina. 

  • Ou serye ? Epi, yo pa al reponn kesyon lajistis ? Yo nan figi moun la toujou ?

  • A, isit la nou pap fè peyi, nap kole krache pou nou konstwi gro kay. 

  • Men li wi, entelektyèl ap gaspiye.

  • E sila ki fè fakilte, gwo entèlektyèl nan peyi l, li nan yon dyòb degouden, menm yon vye bogi, yon vye machin senkyèm men li pa ka achte pou yo woule. Paske ti pitans yo bal kòm salè a, manje sèlman fini ak li. Kounya, rèv li se pati al nan peyi blan pou li al bote bwat, lave veso nan restoran, gade ti granmoun frekan. 

  • Ou ka kont li ? Non. Wap fini pa dakò ak li paske ti kòb li redi fè lòt bò a pi profitab pase sal tap fè isit la. Isit la, yo pran nou pou bèt.

  • Bèt ? Ou pa konn gen chyen milyonè ? Yon bèt nan peyi blan pi alèz pase yon ti ayisyen wi. Yo pran nou pi mal pase esklav.

  • Makomè, jou nou deside fè peyi, kote fanmi dirijan yo ap viv ak yo nan peyi an, kote nou deside bay tout moun souse nan zo a, pou nou chak jwenn nan gato a, map parye ak ou, ayisyen pap al pran desepsyon nan lòt peyi. 

  • Nap sispann gaspiye atò madanm



Ann swiv


Yon ti kozri
REZO KRETYEN BENI || RKB









Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...