Accéder au contenu principal

Lavi nou konte

Sa byen tris pou to kriminalite a ap ogmante konsa epi anyen pa fèt, nap ranse, otorite ap pase popilasyon li nan betiz. Bon, nou pral di yo chanje Normil Rameau yo mete  Léon Charles kòm DG ai PNH lan, men eske ap gen chanjman vre ? Lè nou sonje menm Léon Charles sa te demisyone paske sitiyasyon an te tròp pou li, li te enkonpetan, li pat ka jere l, lè n sonje se menm li menm ki te vote kont Venezuela a plizyè repriz. Chanjman Rameau an, epa pito kèk move wout misye pran ? Eske se solisyon pou ensekirite a gro zotobre nan leta bezwen vre ? Kounya, se yon chwal sistèm lan ki pral rache dan bourik yo ? Bourik ki anpeche premye minis Jouthe al danse rabòday nan ti sourit. Nou gen pou nou wè tout bagay nan peyi sa a. Mete sou sa, afich ap sòti pou montre sitwayen yo kijan pou yo pwoteje tèt yo kont kidnapin, kont ensekirite sa a ki ap vale teren ? Ensekirite a, kidnapin lan, se yon katastròf natirèl ? Se yon pandemi ? Se pare pou n pare ? Mèsi lasosyete.


(Nephtalie kap gad enfo sou rezo sosyal yo)

" 3 jeunes filles kidnappées a Delmas 95 …  "

"un élève assassiné lors une tentative de kidnapping ratée à Delmas … " 

" Des individus armés et habillés en policiers, se faisant passer pour la DCPJ ont pris en otage … )

  • Nephtalie, epaw prèske kriye, Saw genyen kòkòt ?

  • Hmmm, se kèk nouvèl map li la, peyi an pa bon menm non Nathalie. 

  • Li te deja pa bon, kounya ka anpire nèt pou di m.

  • Ou imajinew, yo chanje sak te nan tèt lapolis lan, kòmsi m wè bagay la menmjan kòmè. 

  • Ou te vle gen amelyorasyon ? Menmsi li bonè pou mande l rezilta men map raple w se menm nèg sa a ki te vote kont Venezuela, se menm li menm lè tranzisyon an kite DG e lè sa a kidnapin lan te ogmante men wotè, li te oblije demisyone. 

  • Men, nèg yo pa serye non. Yo pran lavi popilasyon an pou tenten wi. 

  • Ou wè nèg sa yo ap panse peyi ? Yo foure Yon lòt tchoul sistèm lan pou ede yo jere biznis yo pi byen. Ou imajine w yo revoke Rameau paske li vle ogmante kòb ti kat polisye yo ! Pou premye minis lan di administrasyon an pa gen kòb pou li sipòte depans sa yo. Men, lè se kontra kap bay yo sifaktire depans yo pou yo fè kòb epi kès leta vid pou peye anplwaye l yo. Nou mele wi kòmè. 

  • E ben nan ka sa, se swiv konsèy afich sou pwoteksyon kont kidnapin lan paske se mèt kò ki veye kò sèm. 

  • Sa lap di li Bondye, kòmsi li nòmal pou gen tout kidnapin sa yo ? Li nòmal pou peyi an gen zòn wouj e chaje kriminèl kap sikile libe libè, lapolis paka arete yo ? Kòmsi nou mete kidnapin, kriminalite nan menm nivo ak katastròf natirèl, ak kovid lan se pare pou n pare pou n chape ? Afich sou proteksyon tèt ou pibliye tankou se afich lè siklòn pral rive, tankou prekosyon pou kovid vid wi. Sa vle di sa kap pase a se yon katastwòf natirèl, li nòmal ? Se pare poun pare ? 

  • O, saw vle nou fè kòmè ? Polisye kap sekirize n ? Kot malere ka peye bòdigad. Sekirite w se responsabilite w.

  • Nap toujou gen mòd reyaksyon sa yo tanke nap vote pope twèl kòm prezidan, valpa san sèvèl kòm depite, senatè. 

  • Antouka, Bondye se gadò nou, li pap kite n konsa. 




Yon ti Kozri
REZO KRETYEN BENI || RKB



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...