Accéder au contenu principal

Plezi dan

Ayiti son peyi pòv e li pa janm pran desten l an men, se konsta nou tou ka fè. Depi lanmò anperè a, Jean-Jacques Dessalines jouk kounya ki prezidan ki fè onè peyi an ? Ki prezidan nou fyè paske li te nan tèt peyi a ? M konn genyen ki pral di Christophe, Boyer, Estimé, Nord Alexis, Hyppolite, Duvalier elatriye men kot sa yo kite pou peyi an ? Nan lòt peyi, chak prezidan ki pase yo kite yon mak pozitif nan peyi an, ki mak pozitif tout lo prezidan yo kite pou Dayiti ? Ann fon gad sa ki la kounya, eske se pa rezilta tout move gouvènans yo ? Yon prezidan ki chita ap ofanse yon popilasyon, eske li gen dwa oubyen li fè l paske l konn anyen mal pa ka rive l ? Sa fè kèk tan chak sòti medyatik, se yon plezi ki gaye. 


  • Nathalie

  • Kòmè, dènyeman map tande yon seri deklarasyon prezidan, map reflechi, map mande tèt mwen eske se pa eksprè li fè ? Ann pran egzanp lap fon miltiplikasyon, rezilta anplis. 

  • Ou tou wè se lide sifaktirasyon ki nan tèt li, Nephtalie. M pa wè sa pou m ta diw. 

  • Men wap fè m ri. 

  • Serye wi. 

  • M pa kwè sa mwen. Men, se dènye deklarasyon li yo ki dwòl. Lèw rete nan mikro yon radyo ou di, batonye yo asasinen bò lakay li a, mouri a 10h13 e 2 minit aprè madanm ou ap baw wè videyo batonye a yo krible ak bal, sa son lòt bagay. M wè sa son provokasyon. Yo deja sispèk madanm ou kòm otè entèlektyèl krim lan men kounya ou akize menm madanm ou kòm kwa li gen videyo a 2 minit aprè. Se pa nenpòt bagay non. 

  • Si te gen jistis vre, li fin fè deklarasyon an nan jodi demen li menm ak tout madanm li dwe devan jij ki sou dosye a pou di kijan sa fè fèt wi. Se pa paske ou prezidan pou gentan okouran yon krim ki fèt, sal ye la ?

  • Epa, nan peyi isit. Epa, pou san rezon bandi legalize nan peyi an kounya. Ka grav wi. Si w sòti ou rantre, anyen pa rive w, ou dwe met jenou w atè rele anmwey Bondye mèsi wi. Lavi ayisyen sanble pa anyen kounya. 

  • Ou kwè Biden ta fon bagay pou nou ?

  • Biden ki prezidan Ayiti ?

  • Ou byen wè sa map diw la. Al chita tande !!!

  • Kòmsi map bay manti.

  • Ayisyen fou wi, pou nou veye afè pa nou nap veye afè lòt moun, Biden ap kite peyi pal pou li devlope Ayiti ?

  • Se pa sa men li ka ede ayisyen viv yon jan ki akseptab.

  • Sonje m te diw sa, menm kout bwa lap bay, si li pa pi mal pase prezidan sa a ki la.

  • Antouka … 

  • Kite priyè ann pran kantik, ou pat tande plezi dan, padon prezidan, kap plenyen li pèdi bannan ?

  • Mèwi, 100 konntenè bannan pandan kowona. Son pelerinaj lap fè nan radyo wi pitit. Lap mache pale, anyen serye li pap regle. Minis li an di Ayiti gen alèt wouj kowono, li menm ki premye sitwayen peyi an, lap flannen san kachnen. Kòm kowona pap fè l anyen tou. 

  • Kowona e pa pou tout moun li la ? Ou gentan konn moun li pap fè anyen yo ? Plezi kap bay tande kòkòt. 



Ann swiv



Yon ti kozri 

REZO KRETYEN BENI || RKB





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...