Accéder au contenu principal

Babay Dadou !!! FIFA, tou manyen kèk lòt dosye cho pou nou tou tanpri souple

Yon lòt rebondisman nan dosye Dr Yves Jean-Bart (Dadou) ki te gen dwèt lonje sou li kòm moun ki tap itilize pozisyon l kòm prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la pou li fè agresyon seksyèl sou timoun foutbòl nan ranch Kwadeboukè a. Akizasyon ki sòti dwat nan jounal ''The Guardian''. San etonman, aprè 2 sispansyon 90 jou, FIFA tranche e radye Dadou, prezidan ki prezime koupab la, avi nan tout aktivite foutbòl kit nan peyi an, kit aletranje, mete sou li, fòk misye peye yon amann yon milyon fran swis. Paralèlman, jistis ayisyèn lan blanchi menm prezidan sa a nan menm dosye a. Jij lan chita sou menm bagay ki te egziste depi anvan, ''pa gen ase prèv, pa gen viktim paka gen dosye kont Dadou'', menm bagay avoka Dadou yo tap kleronnen nan laprès. Se yon lòt krent sou eta jistis ayisyèn lan, yon lòt souflèt byen fò Dadou ak akolit yo ba l. Jij lan pa mennen okenn enstriksyon pou l konn plis. Viktim yo fè jounal ‘’The Guardian'', jounalis franse a, Molina ak la FIFA konfyans, yo al temwanye sa prezime vyolè, kadejakè a fè yo pase nan ranch lan olye yal lajistis. Sa di anpil bagay mezanmi. E, nou pa ka imilye jistis lan plis pase sa. Bras nan federasyon an fini Dadou, FIFA pa nan jwèt. Pa mete plis pou nou louvri plè a. Nap tann rezilta pou lòt konplis yo.

  • Nathalie pitit foutbòl ayisyen an kraze.

  • Kijan kraze a Nephtalie ? Paske Dadou radye a ?

  • Ou konnen byen sa m di an. Se Dadou ki tap fè e defè, se li ki sèl kòk chante ou panse li ki pa la li pap jwe pyezemen pou li kraze foutbòl la ?

  • Bon e prizon ki rete pou Dadou pran, lè l nan prizon an, kijan lap fè gen kontròl wap di a ? Kijan lap fè kraze l ?

  • Prizon ? Ou fou Nathalie ? Kot Dadou ap pase pou li al nan prizon sa a ? Majistra enstiktè kite sou dosye l la blanchi l wi, li di pa gen plenyan, pa gen ase prèv pap gen okenn pouswit non. Dosye klase wi. 

  • Wap pale de jistis ayisyèn ! Ou pa wè kiyès ki jij sou dosye a ? Se frè jij ki sou dosye petro Karibe a wi, m kwè. Se menm plim menm plimay, yo pa tap janm kondane l non. Mete sou li, jij sa a ki sou dosye Dadou an montre a klè se eksprè li fè, li fè vit fèmen dosye a. Li pa mennen okenn enstriksyon. Ou pa jwen viktim, al chache yo, fè yo mete w an konfyans pou yo temwanye ba ou ! Li jis chita nan biwo l, lap tann epi li konkli.

  • Ou pa sonje jij lan te mande RNDDH pote kèk enfo pou li, kèk responsab òganism dwa zimen an te di ba yo yon ti tan, li tou kite sa. Li jis konkli. 

  • Peyi an fasil pou nèg yo, yap rache, yap koupe. Jezi wè yo tou. 

  • Bon, sak touye m plis, ou pa tande yo di avoka Dadou an di li pa gason ? 

  • Ki bagay ?

  • Oo, avoka di, Dadou pa gason pitit, li pa ta ka fè grosè zak detounen timoun nan ranch lan. 

  • Men li fout, yo malonèt. Epi, kot konferans yo tap bay la ?  Yo poko ka prepare l ?

  • Li ranvwaye paske m tande Dadou menm radye nan otèl serye ki nan kapital la. Misye paka itilize anyen. 

  • Men wap bay blag, kijan radye nan otèl la ?

  • Bon m diw

  • Antouka, si m li m bay vag. Koze al fè rekou nan tribinal abitral spò an, ka pi mal pou li. 

  • Pandan w di sa, TAS pa ka jije epi kondane misye ? Anplis radiyasyon ak amand yon milyon fran swis lan, TAS paka fè yo tou mete misye yon kote pou machin pa frape l ? Konsa, la sispann gaspiye ti jèn nan peyi an.

  • M pa konnen non sèm

  • Te kwè m sonje ou konn tout bagay.

  • Wap jwe. Pandan nou nan dosye sa a, ou pa tande Binuh kite petro karibe, dèmalòg, kidnapin, pil asasina tankou sa mèt Dorval la, sa etidyan Samul Mical ak Gregory Saint Hilaire pou l manyen, li kite dosye  pil masak sou gouvènman sa a pou l pale se nan dosye Dadou li vin louvri bouch li. Kòmsi ti sa a, FIFA pa ka jere l?

  • Yap fon travay serye ? Yo vle ede peyi an vre ? Te kwè anyen yo pa gen pou yo fè, yap pale konsa. Anmègde moun.

  • Antouka. Pandan w di sa, pouki nou pa tou lage tout dosye cho nou yo nan men FIFA, nou tap tou jwen jistis nou wi. 





Yon ti kozri
Rezo Kretyen Beni || RKB





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...