Accéder au contenu principal

Egzamen ofisyel

Egzamen ofisyèl yo fini, ouf vakans, kounya tout je brake sou rezilta yo ak nouvo ane lekòl la. Lè nou gad kondisyon egzamen sa yo te fèt kisa nou ka retni ? Yon ane lekòl bakle, yon ane akademik ki te dwe koumanse nan mwa septanm pou l fini nan mwa jen, 10 mwa lekòl. Pou ane akademik 2019-2020 an, konbyen mwa timoun yo swiv ? Nou sonje apre yon 2 semèn lekòl, peyi lòk la te retounen poutèt yon problèm gaz ki te dwe fasil pou rezoud men ki te pèsiste e paralize aktivite nan peyi an. Peyi lòk sa a pran pou pi piti 2 mwa nan ane lekòl la. Sa pat rete la, menm jan ak lòt peyi nan mond lan, lekòl la te vin fon kanpe akoz kowona, mas, avril, me, 3 mwa sa yo se te vakans pou elèv yo. Men, raple nou menm lè lekòl la te louvri, timoun nan lekòl piblik yo pat ka al lekòl, profesè nan grèv, timoun yo vin pran lari, zen te pete nèt. Kounya nan kèk jou lekòl, timoun yo swiv la, kisa nap atann de egzamen ofisyèl sa yo ? Yon katastròf pi mal pase sa anvan yo ? Oubyen yon men leve pou anpil timoun pase menm sa ki pi fèb yo ?

  • Komè, Saw genyen ou rete serye konsa?

  • Aaaaaa. Ka timoun ki sot nan egzamen ofisyèl yo map panse la, ka yo grav wi. 

  • Bon jan yo dim egzamen yo fasil sa menm sa ki pat sou lekòl ap pase !

  • Sa Nathalie ap di la. Ou pa wè kèk egzamen ? Map mande si se sa m te fè nan filo oubyen bagay yo chanje ?

  • Pwogram filo a pa menm ak pwogram nouvo sekondè a non.

  • Ben timoun kounya yo pifò ?

  • Se sa ki ta dwe nòmal paske ledikasyon dwe fèt an spiral montant e non spiral desandant. Si se konsa sosyete a nan ka.

  • E ben nou nan ka paske Se manifestasyon elèv yo te fè, yo di egzamen an trò di wi.

  • Manifestasyon ? Ou toujou ap jwe ou me tifi

  • Serye wi. 

  • Bon m pa ta kont yo non paske se sèlman 4 mwa lekòl yo fè. Peyi lòk, kowona gate jwèt la nan men yo. 

  • Se sak di a wi, e yo oblije peye tout ane lekòl la. 

  • Direktè lekòl yo egare yo menm? E pa lajan yap fè. 

  • Pa mete nan sòs non madanm, tanpri souple.

  • Kounya ou pito kite direktè yo rich sou do ti malere?

  • E pa la m ye. Se de egzamen nap pale. 

  • An pasan, pa konn si se paske m pat nan nouvo sekondè e pwogram lan chanje  men yo dim kèk kesyon m wèl  di wi

  • Li pa di janw panse a. Ou pral dim pil koze wòch ki nan egzamen an, timoun seksyon c pat nan koze sa a.

  • Men pou 3 a 4 mwa lekòl yo fè a, se ti kesyon fasil pou yo te ba yow tankou, '' definition de la biologie ''

  • Kisa !!!! Pa touyem non madanm. Sèl sam ka diw egzamen yo an gen ti nannan pou timoun ki pase apèn 4 mwa lekòl. Menm mat la yo pa bere timoun yo.

  • Bon sa m wè la yo, lè yo fini lekòl la, sa yo pral fè ? Yap ka kenbe konba fakilte?

  • E ben yon lòt ane filo ap fè yo pi filozof, li pap deranje non. Konsa tap pran kab yo pou Inivèsite.

  • Men ou dròl kòmsi lajan se atè yo jwen li pou yo rete lekòl toujou a? Epi tou, se depi nan baz timoun yo bezwen travay. Se rabi yo sanble trò rabi. 

  • Pou tande kèk vagabon kap plenyen O se kèk profesè ki pa touche ki prepare egzamen yo.

  • Pwoblèm lan senp pat gen lekòl ane a vrèman pou gen kalte egzamen sa.

  • Menm nan tan nòmal timoun yo pa vle konsantre tout bon sou lekòl e pa apre 4 mwa lekòl ou panse ou fè travay la.

  • Jan peyi sa ye la  ou vle yo konsantre ?



Antouka, Je la pou gade, nap gade … 



Yon ti kozri

Stéph LeBéni

REZO KRETYEN BENI || RKB







Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...