Accéder au contenu principal

Plante dlo

Ou plante dlo deja ? Non ? Nan domèn agrikilti sitou lèw pral fè rebwazman yo toujou itilize tèm sa yo ''plante dlo'' ''plante lavi''. Se pou endike plante pyebwa se anrichi nap freyatik yo, se fè plis dlo rantre, stoke nan sou sòl yo e anpeche yo kouri fè dega, ewozyon nan sòl la e ale nan lanmè a. Men, pouki tout diskisyon ''plante dlo'' nan lari a ? Tèm lan egziste ki donk pa wè nesesite pou fè piblisite pou li. Se pa paske madanm lan pale de plante dlo an, kifè li se yon gwo problèm, se pa li ki envante l. Gen plizyè peyi afrik ki itilize li. Menm an Ayiti, Minis anviwònman te itilize li tou. Se vre ou kapab di, lè w ap adrese ak yon gwoup moun kote majorite an kont ou, ou pa gen pou w kite vid pou moun al entèprete sa w ap di a mal. Wi, li te ka itilize lòt mo, foli konnen pa mache nan tout lakou. 


  • Nathalie, ou konn plante dlo ?

  • Sak sa?

  • Oo, ou pa nan peyi an, tout yè sou tout rezo sosyal yo, se plante dlo, plante dlo wi 

  • Ok, e ben lòt semèn yo pral plante tè nan mòn yo tou.

  • Moun yo fon pil lòbèy AK istwa sa a. 

  • E pa madanm lan ki dil nan diskou l avanyè a ?

  • Wi, ou pat tande l?

  • Non, m pa pèdi tande moun sa yo. E peyi yap fè ? Yo fin di ti rès la pou pèp la, yo lage bandi ak zam vin pran l nan men pèp la.

  • Ou pa ta lage l konsa sèm, san filtè.

  • Men, koze plante dlo a pa Yon problèm non, ki fot li fè?

  • Sèl sa m ka diw si madan prezidan ta fon erè, se paske li chwazi move piblik poul itilize tèm sa, pwen boul. 

  • Tank yo gen foli konesè lè yo kot moun ki pa trò fò nan ekriti. 

  • Epi tou, valè pwoblèm ki genyen, pou Moun ret chita nan sa a. Se di lòt bagay nan plas plante dlo a kap fè gen Sekirite, gen manje pou nou manje, gen bon jan ledikasyon?

  • O e pa e Mwen wap mande ?

  • Ou ka dim. 

  • Yo pran popilasyon an pou makak nèt wi epi nou menm ki pi mal fè bòz ak bagay ki pa menm merite l. Ou pat tande gen youn yo fè sou Moy kap pale fransè. Anpil nan popilasyon an malad wi.

  • Ou pa wè son pèp zonbi, depi yo ka manje ti plat diri a menmsi li pa plen vant yo. 

  • Map mande m si se kalite Moun ki la jodia ki te la nan Plas Dessalines, eske tap gen endepandans ?

  • Ou poze yon gwo kesyon wi. Men, m ka diw si kalte moun ki la yo pa ka mete tèt yo ansanm pou yo goumen pou tout moun jwen olye se tout pou yon group Moun, sa pa tap etone m pou nou te rete nan esklavaj. 

  • Bann zonbi sa yo nèvan. Kòb CIRH vini, yo pran l, kòb Petro Karibe vini, yo pran l, kòb projè devlòpman vini yo pran l, yo fè kòb nan gaz, nan dola meriken, yo pran tout. E pèp la ? Kounya, Yon bann egare ret nan yon bagay plante dlo. E plante dlo a kap fè nou jwen ti rès la ?


Nap swiv 



Yon ti kozri 

Stéph LeBéni

REZO KRETYEN BENI || RKB






Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...