Accéder au contenu principal

Se bal yo mete nan asyèt nou

Eske nou pa wè sa tròp ? Nap kontinye touye menm mò nan simityè. Soti nan 5 E tonbe nan karavan chanjman, nou pa wè anyen. Anpil bèl pwomès, anpil bèl pawòl men ki rezilta ? Ayiti open for business, Kouran 24 sou 24, operasyon Terminator pou kwape bandi, trete dlo lanmè mete nan mòn yo kap desann pa gravitasyon pou malere jwen dlo elatriye men ki rezilta? Ki rezilta profesè lekòl yo ap jwen? Ki rezilta elèv lekòl, etidyan yo ap jwen? E malere yo ? Sa ki pi mal, nan katye defavorize yo, zam ranplase liv nan men tijèn, bri bal ranplase mizik. Epi, kot lajan nan pòch yo ? Kot manje nan asyèt yo ? 

  • Neph, makomè, hmm, ou wè kijan Greg mouri ?

  • Madanm hmm. Bagay sa revoltan pou Yon etidyan nan fakilte l pou ajan Isjpn touyel konsa, lach konsa! Li pat nan gè ak ou …

  • Epou tande manman kap plenyen sèm hmmm.

  • Sa tris wi Thalie. Pou redi fè ledikasyon yon timoun poul rive nan nivo sa a. Se pa zam ki nan menl, se pa vòlè li vòlè, pou li mouri konsa. 

  • Sak touchem nan sa manman te rakonte a se lèl di li pote sak sal jiskaske li pa konnen pou pitit li an rive la … ak tout dlo nan je devan kadav pitit gason l. Kijan polisye sa a ki touye Greg la santi l? Sak te pase nan tèt li?

  • Madanm, yo pa moun, wè  zak sa pa gen non. M pat konn Grégory Saint-Hilaire men kisa l fè pou yo touye l ? E pirèd ankò anndan lekòl nòmal menm wi yo tire l  

  • Antouka makomè, entèlektyèl peyi sa a mèt chape pou l yo kite jeng sa a pou bèt sovaj yo. 

  • Epi m te tande polisye yo te ansèkle lekòl nòmal epa vre ?

  • Pa konnen non, sèl sa m ka diw etidyan yo te ekri kèk koze sou tablo a pandan kadav Gregory atè a sou yon planch nan yon sal klas. Yo pa gen zam nan men yo, se katon ak bristòl, jodia swa w mouri nan kras la swa w kite peyi a …

  • Lajan pa vin nan pòch malere, manje pa vin nan asyèt

  • Lè se pa masak nan katye popilè, se sitwayen pezib, ki ka itil peyi an kap tonba anba bal, mèt Dorval Monferrier, etidyan damyen an, Samul Mical, men kounya Grégory Saint-Hilaire tonbe anba bal.

  • Ann tou di se bal yap met nan asyèt pèp la pitit.


Yon ti kozri
Steph LeBéni
Rezo Kretyen Beni || RKB








Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...