Accéder au contenu principal

Sitiyasyon kawotik

Sitiyasyon ensekirite nan peyi sa tèlman wo, tèlman ekstrawòdinè lèw soti ou pa konn siw ap rantre lakay ou san anyen pa rive w. Bondye sèlman kap proteje w nan lari sa a. Lè w nan lari a, aprè strès aksidan se strès zak kriminalite ki ap fèt yo ki ka varye tèt ou. Kidnapin nan retounen sou Moun, e se malere ki nan swadizan klas mwayèn lan kap viktim pi souvan. Menm tire moun nan lari a plede sonnen nan zòrèy ou tankou Yon chante ki alamòd. Lèw gad medsen yo kidnape, lèw gad batonye, etidyan, komèsan … yap touye ou oblije di eske wap ka viv nan jeng sa. Kot otorite peyi sa? Kot lame ki tap operasyonèl la ? Otorite peyi m, nou alèz nan peyi an ? 


Nan Yon kamyonèt blòk 6 zè aprèmidi. 

Yon pasaje : Mezanmi bagay la myèl deyò a wi, sak konn priye, priye, sak konn jete dlo, jete dlo paske nou antrave. 

Yon lot pasaje  reponn li, epa jwet non.

Yon pasaje : Kounya se yon koze, yo peze w nan balans, yo gad pwa w epi yo kidnape w. Ou lou, yo pran w, ou leje yo pran w pirèd. Si m te ka ret viv anndan lakay mwen, li tap bon pou mwen … 

Chofè kamyonèt la, ki desann, epi di : 

M pap al pi lwen non, mete pye n atè. 

Epi, pasaje kap fè repons. '' sa misye ap di la, se la stasyon an ye ? '' '' gad figi nonm lan ou gen rezon konsa '' … Apèn kamyonèt la demare. Nathalie ak lòt moun yo kite nan machin lan, wè yon ekip nèg debake sou yo, yo pran valiz tout moun, ak tout bous kèk moun. Erezman, pou yo, yo pa tire. Nathalie, ki sezi pran wout la apye pou tounen lakay li, pa gen kòb machin, pa vle al mande, byen deside ak kèk lòt moun ki te nan menm kamyonèt la. Li 7 tè nan aprèmidi, li poko lakay li. 

Pandan tan sa, tèt moun lakay li cho, yap plede rele l, telefòn li pa sonen. Youn nan frè l yo rele Nephtalie.


  • Alo

  • Alo, se Nephtalie ? Zanmi Nathalie an ?

  • Wi, se mwen

  • Ok, se … frè Nathalie, depi maten, li sòti, li kite lakay la, eske li pa kote w la, paske nou pa janm wè l, e nap rele li, telefòn li pa sonen.

  • Non, m pa wè li non. oo. Li pat di kote li prale ?

  • Li jis di li tap ale dèyè yon koze lavil, anyen ankò.

  • Pa fè tèt cho, rete tèt frèt, telefòn li ka dichaj, li pran nan blokis, li poko ka rantre. Paske m te nan lari a jodi a, te gen anpil blokis tout kote m te pase yo. M menm fè preske 3 zèdtan nan yon blokis. Ann espere se blokis lan ki fè li poko rantre tou …

  • Ok, m ale ... men li fenk parèt la. Nap pale mèsi.


Pandan yap pale konsa, Nathalie vin rantre, sal, san valiz. Se pa problèm blokis men se problèm ensekirite, se problèm bandi kap taye banda jan yo vle nan peyi an, kap teyorize popilasyon an ki fè li rantre ta. Tou fatige lap poze tèt li kesyon sa a kilè malere ap pran Yon souf nan peyi sa a ?


Ann swiv



Yon ti Kozri

Stéph LeBéni

REZO KRETYEN BENI || RKB








Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...