Accéder au contenu principal

Mache dola, son mache penyen lage?

Nou tout wè l e konstate l sou gouvènman sa a, to chanj lan varye san nou pa konpran anyen ladan. Eske se paske nou pa sène paramèt yo ? Yon sèl kou ou bezwen plizyè sak goud pou yon dola men kounya, pandan gen prèske menm sitiyasyon an, dola ap chite. Sak koz sa ? Nou vin ap pwodwi kounya ? Paske premye sa ki te avanse lè goud la te tankou po patat devan dola se paske nou pat pwodwi. Menmsi, kèk ekonomis te avanse pou di teyorikman goud la pa ta dwe konsa devan dola, li te dwe pi ba pase 80 goud. Men, li te rive plis pase 100 goud. Eske ekonomis lan gen rezon ? Ki règ lèw nan peyi sa a ki aplike ? Men kounya mezon transfè yo ap rele anmwey pa yo. Jan mezon transfè yo tap byen pase nan ti mache sa a, podyab yo. Depiw vle transfèw an dola, degajew gen kont dola ou nan bank, siw vle l an goud mezon transfè yo ap vin pran goud nan bank ba ou. Eske mache a vin bon ? Ap gen mwens gagòt ? Mache dola, son mache penyen lage ou non?

  • Kòmè Neph ! Saw genyen ou vekse konsa? 

  • Machè ooo, Ayiti sa a son savann wi.

  • Kounya ou konn sa ?

  • A bagay la trò raz. Gad yon bagay, san rezon kòb meriken an te men wotè epi piw li desann, manje rete tèt chè …

  • Genyen ki koumanse desann pa di sa. 

  • Kèk ki desann. Mete sou li, responsab faktori yo kap rele anmwey si dola ap desann toujou, li pap bon pou yo. 

  • Profi yo pap fè ?

  • Sa lap di la ? Bon se an dola yo pase kontra yo, e se an goud yo peye malere yo. Sa yo pèdi ? 

  • A madanm, ou konn fòk yo souse tout ji ti malere yo. Se nan esklavaj modèn Moun faktori yo ye wi. Ou konn sa?

  • Pa konnen. Mendèv bon mache isit la genyen, fòk yo eksplwatel nèt. 

  • Bon ou pa tande mezon transfè yo ap fè grèv.

  • Jan yo te konn souse sou do malere. Wè lakay la, kay grann mwen ou konn pa gen bank, siw bezwen youn se nan vil lan pou ale, wap peye nenpòt 250 goud moto pou al ladan. Saw konn mezon transfè a fè lè kòb la te 100 goud, li chanje transfè yo a 80 goud e li revann dola nenpòt 105 goud. Li vin fè nenpòt 25 goud sou dola transfè yo.

  • Manti Nephtalie, yo pa vòlè konsa. 

  • Woy, bon m diw yon bagay ou dim non. Rele Ti Jude kounya, mandel. 

  • Pa di grosè bagay sa a sou yo. 

  • Serye wi. Kounya, BRH ap manyen yo, yo pa ka pa plenyen. 

  • Se pa regile mache a ap regile ? Men, mezon transfè yo pa la pou chanje kòb. 

  • E ben yo pat konsa yo menm. Kounya, BRH diw siw vle ti transfè ou an dola meriken, louvri yon kanè dola nan bank, yap fè transfè a epi wal pranl sou kont ou. Men, mezon transfè yo ap pran goud nan men bank pou bay kliyan. 

  • Biznis kraze !!!!

  • Se vre gen anpil lòt kote ki pa bon nan sikilè BRH la men yon kote li kraze biznis mezon transfè yo tap fè sou do pèp la. 

  • Bon, mezon transfè yo mele wi. 

  • Mele pa mele youn nan yo pap regle afè peyi. Enterè yo yap defann … 


Ann swiv 


Yon ti kozri

Steph LeBéni

Rezo Kretyen Beni || RKB









Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...