Accéder au contenu principal

Aba Kowonaviris


Aba Kowonaviris

Mezanmi plede sikile move enfòmasyon sitou sou Rezo sosyal yo, mete AK mankman leta peyi an fè Anpil Moun pa konn sa kovid 19 lan ye egzakteman. Tout Moun AP fè tèt cho, tout Moun ap devlope Yon laperèz. E tout sa yo te ka evite. Sispann bay tèt nou problèm plis ke sa. Pa aji menmjan sa te fèt Taba, kote Moun ap manifeste pou di ''aba Kowonaviris'', kòmsi se li ki dirijan nou? Son Moun li ye la?
-Madanm Koumanw ye la?
-APA nou Nathalie.
-Pa dim figi frijèt wap bay la se pou problèm peyi ?
-Pitit, tout sa ladan men se ak viris lan Map panse la... E sil rantre nan peyi an, kijan sa AP ye?
-Ou gen rezon ap enkyete men pa bezwen panike konsa pitit. BonDye bon.
-An BonDye bon? Nou pa gen lopital, son bann san sèvèl ki nan tèt leta, pran Yon bann desizyon bidon, epi BonDye bon? Pa fè prekosyon trape viris lan apre sa di BonDye bon tande. Epi Sonje BonDye di pèp Mwen AP mouri akoz li pa jwen fòmasyon. Anfen banm pa pale de sa... E sil rantre kwèm siw vle san konsyans yo AP wè enpòtans gen bon lopital nan peyi an, mete bon jan enfrastrikti. Maladi an antre blip, yo trapel, pa gen rele avyon anbilans pou vin pran yo, ni tou pa gen vwayaje al nan lopital aletranje, paske tout Moun gen ka. Se degajew rete nan peyiw, jere kaw. E sak dròl lan pou yo byen enfòme pèp lan, yap kache enfòmasyon. Tchuiiiips
-Oo Neph, ou pa ta lagel konsa.
-Bon ann kite sa paske yo nèrvem, franchman
-Kalmew Neph, pa vin fè kòlè pou granmesi. Son peyi alanvè. Bon gad sa yo fè nan lekòl nòmal lan avanyè; Gad sak rive polisye yo; ou pa wè gaz desann sou mache entènasyonal lan leta sa a kenbe menm pri an; ensekirite AP vale teren, dola meriken an ap bwè goud l'an . . . Ou pa wè yo tèlman pa vle kominike AK pèp lan. Semèn pase gen Yon ekip Moun ki al manifeste bò otel kite gen kèk moun kite soti repiblik Dominikèn. Se, aba kowona, aba kowona, kòmsi se sa ki ka fè nou chape. Franchman se Trump ki gen rezon ak yo.
-Vagabon ki sou Moun kounya.
-Pandan wap pale de enfòme popilasyon an de viris lan, nan peyi serye ou pa wè kiyès kap pale AK popilasyon an? Se doktè, sikològ men isit Yon bann Moun ki pa konn anyen ladan vin pale.
-Ou pa wè se kounya yap di yap ranmase fatra, pale sou koze dlo sal ak moustik kòmsi kovid 19 son maladi Moun salòp.
-EPA gro spòtif ki ta malad Pitit.
-Ou wè sa tou... Banm diw, eske depiw gen rim, li pa fasil pou tèt ou fèw mal e menm baw fyèv?
-Li posib. Sa depan de grip lan.
-Kounye a, lèw rantre nan lopital Ayiti ak sentom sa yo, eske yo gen ekipman pou detekte viris lan? Eske yap diw gen Kowona san analiz laboratwa?
-OMS te ba ministè sante an kèk echantiyon jenòm viral lan, yap ka fè tès lan, m panse. Epi son grip, plen kòw ak vitamin C.
-Men pou ajan ki trè patojèn sa yo, tout echantiyon dwe achemine nan yon laboratwa konfinman nivo 4. Ayiti pa gen laboratwa sa. Ki donk, tout echantiyon sa yo, se nan yon peyi ki gen konpetans lan poul transferel. Paske, sim sonje byen, menm nan ka chikungunya se Jamayik echantiyon yo te analize.
-Antouka, sèl sam konnen pi gwo zouti moun genyen pou reponn ak yon viris se repons iminitè natirèl e rive sikonskri yon maladi.
-E pou proteksyon popilasyon an fas ak moun enfekte yo se karantèn.
-Ti cheri, si Yon moun deside li pap priye Bondye, li gen rezon vre wi paske an 2020 sante yon pèp pa ka repoze sou lapriyè sèlman. Men m swete moun lasyans yo degaje yo rapid vit jwen remèd, avan menm ti peyi pòv tankou nou yo ta touche.
-Ou ret kwè nèg lasyans yo ap jwen remèd men plizyè ayisyen kè yo pa sote toutan Marco, Mackenson ak Muscadin la. Menmjan te gen remèd pou sida ou mètres kwè ap gen remèd pou Kowona.
-Fwa sa se pa pinèz non sèlman yap preskri, ap gen mòpyon, ap gen tik.
-Yon bouyon ravèt tou cho ak plizyè grenn mil pat ak pen.
-Kotew kite Nèg maketing yo. Yo pral gen siwo pou kowona. Kounya medikaman yo ap efikas kont 102 maladi.
-Men wap touyem nèt...
A swiv
Nan plizyè peyi anpil mezi ap pran pou anpeche viris lan antre e sil antre pou diminye enpak li. Bò isit sak regle vre? Leta gen kontròl moun kap rantre nan peyi an? Frontyè a sekirize? Kesyon karantèn lan regle? Se byen pou anpeche touris rantre, koupe vwayaj nan plizyè peyi ki deja gen Moun enfekte men pouki vwayaj Lèzetazini, peyi ki gen plis ka kovid-19 nan Amerik lan rete pandan lòt yo koupe ? Nan jan bagay lan ye la, ak Yon leta iresponsab se nou menm sitwayen ki pou proteje tèt nou. Lave menn tan

zantan ak dlo pròp epi savon, lè nap touse, touse nan koud nou, evite vwayaje nan peyi ki deja gen viris lan, toujou pran vitamin c, evite foul moun, sispann pase menw nan jew, bouch ak nenw. Epi, si nou vle evite Yon gro enpak kovid 19 se pare poun' pare.

Mike S. E. CHERISIEN (Stéph LeBéni)
Rezo Kretyen Beni || RKB



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...