Accéder au contenu principal

Likidasyon pa dire

Likidasyon pa dire
Eske se denyè bout lan ? Eske nap wè Yon Ayiti ki pi mal ke sa ki gen la ? Antouka, Ayiti nan tan prezan vin yon peyi de tanzantan lòk, aprè lavi chè an ogmante. Se yon kote lèw soti ou pa konn si wap rantre, ou gen yon perèz tout kalte paske kidnapping lan ogmante, gen plis zam an sikilasyon e se pa ti zam, lapolis rete ap gade. Wap mande si ensekirite an pap rive lakay ou, eske klou sa pap pete nan figi ou. Men kijan nou fè rive nan tout sa ? Eske se pa denyè nivo an nou rive ? Anpil kesyon nou te ka poze jan nou wè peyi an ap depafini. Nan yon kadè moun pèdi lavi yo, se tankou vag lanmò an louvri, sal jwenn li pran. Machann lanmò yo paka kenbel ankò, yap likidel.

Divès kote nan peyi an gen ensekirite pa yo, paske kounya chak zòn gen gang pa yo. Nou ka koumanse ak ensekirite Lasalin, Kiyès ki responsab ? Anpil bouch pale pou di yo vle kraze mache anba lavil lan pou makèt fè kòb. Si se vre, kot Leta ? Efektivman, moun kounya evite pase anba lavil, pa bezwen di pou achte la paske siw ale ou ka pèdi kòb, ak lòt bagay ou pote e ou menm tou ou ka pèdi laviw, ki donk ou pito al achte tout saw bezwen nan makèt oubyen nan yon ti mache bò lakay ou. Men nou ka fè yon konparezon pri, nou pa wè anpil pwodwi pi chè nan mache ke nan makèt ? Nou pa fè konsta sa ? Bon se pa pri ki enteresen’, se ensekirite. E gè ant gang Latibonit, kiyès ki responsab ? Toujou pou kraze pwodiksyon diri lokal lan jan anpil moun di an ? Komsi ti pwodwiksyon nou an ase pou ba nou manje jouk kreye jalouzi bò enpòtatè ak gwo machann diri nan peyi an ? Ki aksyon Leta poze pou kwape zak sa yo ? Kote lapolis ? Se pa yon kesyon yon gwoup moun fèl poul fè plis pwofi nan komès li men kouman fè leta kite tout sa fèt. Dayè kèk pò kapital lan genyen se pa nan zòn cho li ye ? Nan yon ’’ VAR’’. Sann pa bezwen rantre nan group gang Kwadèboukè ak Tomazo yo, kap fè lapli ak bo tan nan zòn yo. Mete sou li Kanaan 70, ki mete perèz pal. Kote lapolis ? Kiyès kap vin sove ti pèp lan ?
Anpil moun di yo pap pale, komsi ensekirite an pa deranje yo. Men imajine ou gen kamyon machandiz ou ki soti Sendomeng, wap rantre isit avèl pou al vann, lè ou pre kapital lan, gang deplwaye sou ou, yo pran kamyon machandiz ou epi yo mandew kòb pou jwen kamyon an, ou peye kòb lan, yo baw kamyon san machandiz. Ou fè doub defisi! Kiyès ki koz ? Ou menm! Paske se ou ki pèdi je kwa zan Dyew ou te pase nan zòn sa a. Yon de gouden wap defann men ou tonbe sou bouda. Ou sot dèyè kamyon machandiz Pòtoprens, wap rantre Kabarè, kouw rive Kanaan 70, yo barew. Moun ki pi kriminèl toujou, yo tire tout moun nan kamyon an. Poukisa ? Ou vle fè moun pè ? Sonje se nan menm zòn sa, pandan e après peyi lòk, popilasyon an te deklare, bandi ak gwo zam lou kenbe moun, fi kou gason, monte nan mòn lan ak yo, epi vyole yo, fè plizyè jou ak yo. Kiyès kap di ase ? Kiyès ki responsab ? Nan 21 jou gen 15 ka anlèvman, yo pa bezwen konnen malere an vini, yo pranl, moun ki gen yon ti mwayen anplis parèt, yo pranl pou mande ranson. Menm Prèt legliz katolik pa epanye, moun yo te gen yon ti kras respè nan sosyete an. Bezwen fè lajan anpil e rapid lan vin yon nesesite pou yo. Sa ki vin rann pèson pa epanye. Si yo atake prèt, pa bezwen pale de polisye, de timoun. 6 elèv touye nan 2 jou menm ministè ledikasyon nasyonal pa pale. Yon ansyen polisye ak pitit li resevwa yon lapli katouch Kwadèboukè, li menm ak pitit fil blese e mouri. Ki krim timoun lan fè ? Menm nan komisarya, ou jwen kò polisye ki mouri. Yon polisye mouri ak pitit li, nou deplore zak lan, men kiyès ki koupab ? Gen ankèt serye ki louvri sou dosye an ? Ann kontinye viv, men kanaval. Yon lòt polisye tonbe, bon se yon règleman kont sanble ? Komsi li pa grav ? Nou ap kite sa kontinye konsa ? Nou serye ? Konsa yon peyi ap fonksyone ? Chèf gang pi popilè ke atis ?
Pandan tan sa, 9 senatè ap goumen pou yo syeje nan palman paske yo retire nan manda yo kòmsi yap vin regle yon bagay serye. Lèn te la san’ te regle ? Kounya nou wè pouvwa dous ? Menmsi yo ka gen rezon men se pa kounya pou yo wè sa.
Soti 28 jiye 2011 rive 19 desanm 2019 leta ayisyen ranmase 159 989 861,50 dola ameriken sou transfè dyaspora, ki ranfò lapolis lan jwen ? Lame nou mete sou pye an, ki ekipman nou achte pou yo ? Pil taks ki rive nan plizyè milya goud nou pran chak ane sou antrepriz, ti anplwaye yo, fè paspò, pèmi kondwi elatriye, konbyen ki rantre pou finanse yon politik dezameman ak sekite pou peyi an ? Olye sa nap pale de kriz alimatè, kès leta pa gen kòb, leta pa ka reponn ak depans li yo fòk swadizan sibvansyon gaz la retire. Men 1,26 trilyon dola ameriken pèdi chak ane nan koripsyon, podven, evazyon fiskal, e lòt bagay ilisit, sanbliye pil franchiz, frontyè an pa kontrole, polisye pa byen touche men malgre sa gen kòb pou fè kanaval men poko genyen pou lopital jeneral rekonstwi. Ap gen kòb pou lwe kay lòt kote pou loje enstitisyon piblik ki anba lavil lan men pap genyen pou mete lòd nan bandi anba kap terorize popilasyon an.
Ann gad yon lojik, plizyè refleksyon vle montre lapolis lan pa gen ase mwayen pou kwape zak malfektè san manman sa yo ap fè nan peyi an, men kisa ki manke ? Kantite polisye nou gen la yo nètman pi plis ke kantite sòlda lame peyi an te genyen nan tan lontan. Se vre, yo pa gen menm fòmasyon, yo pa gen menm ekipman. Mete sou li yo pap konbat menm malfra. Bandi lontan pat gen tout finansman ak ekipman sa yo. Solisyon an kounya eske se pa mete anba kòd moun kap alimante gang yo, koupe pon ant yo menm ak gang yo ? Epi mache pran gang yo youn pa youn ? Ki solisyon pou kwape zak ensekirite nan peyi sa a ? Bon grenn ayisyen yo nap kite peyi an ba yo ?
Antouka peyi sa a vin envivab, peyi an tounen yon jeng kote pou dan griyen ou viktim. Moun plis vle tounen machann, wi machann zam, machann katouch, machann tristès, machann lanmò, fè kòb fasil epi bay lanmò an likidasyon, an gwo e an detay, likidasyon pa dire.
Mike S. E. CHERISIEN (Stéph LeBéni)
Rezo Kretyen Beni || RKB





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...