Accéder au contenu principal

Transfomasyon

Transfòmasyon

Anpil nan  nou renmen lè nou chanje etap pou aparans nou montre sa. Si ou patap travay ou vin jwen yon djob, ou renmen lè aparans ou montre se yon moun kap travay, si ou tap viv nan peyi isit ou vin pati, ale nan yon peyi aletranje, ou vle gen aparans yon moun kite pati. Men gen aparans ki konn egzajere, e fòk nou fè atansyon ak li.
  • Nathalie saw gen la pitit? Ou tankou yon moun ki sot wè yon zonbi !
  • Madanm, hmmmmmm ! gen koze wi nan peyi isit, men nan pwen bouch.
  • Sak gen ankò?
  • Eske ou te konn Natacha ? Tifi ki te rete dèyè do lakay la, li te nan lekòl lan. Li te vin double twazyèm e li te tou kite lekòl lan, ou sonjel ?
  • Pa sonje, tifi chocholin lan !
  • Wiiiii komè
  • Sal fè la menm?
  • Sa gen kèk tan wi, m wè yon demann zanmi sou fesbouk, mal gad kiyès, kounya m wè moun lan anvi sanble ak li, m vag paske m sonje li te nwa …
  • Yon nwa fonse men ti pol te fen se sak fè li te bèl e gason te dèyèl’, mete sou gro bouda li an.
  • E ben li sanble pat wè po l te bèl !
  • Kouman sa makomè?
  • Foto m wè yo se foto yon grimèl nèt wi, pi wouj ke ni ou, ni mwen wi Nephtalie. Pou dim moun sa te wè po l bèl !
  • Men non, li ka travay foto a pou li gen aparans grimèl men li pa grimèl.
  • Mwen te panse sa tou men li bon grimèl lan.
  • Sak fèw di sa ?
  • E ben avanyè sanble li te vin bò lakay lan …
  • Sal te vin fè? Ou pa dim li te kite lotbò an?
  • Wi li parèt la ankò, ou konn li gen kèk limena parèy li ki rete nan lakou lakay lan, li sanble te bezwen yon bagay nan men yo. Antouka  yo pale kont yo e li sanble bay sekrè grimèl li an.
  • KISA? Sekrè grimèl? Pa touyem non Nathalie.
  • Bon m diw, se konsa wi limena yo tap di.
  • Banm sekrè a non.
  • Bon ou grimèl deja ou menm. 
  • A pitit, son konesans an plis li ye.
  • M tande, li gen yon ekip limena Petyonvil lap frote, ou konn se rout frè li rete, zòn akademi an, sanble se medam sa yo ki bal resèt lan. Yo di, li di ou fè yon bon beny ak kloròks ...
  • Kouman beny kloròks la ? Pale klè makomè.
  • Ou sou sa Neph, men li ou mete yon bon kou dlo nan yon kivèt, ou mete anpil kloròks ladan, ou chofel, ou metel’ nan yon benwa, epi ou foure kòw ladan, tout kòw, ou kite sèlman tèt ou, paske se nan demen pou fè vizaj ou… WOY Nephtalie, epaw endispoze… Nephtalie, rete pitit, leve non. 
Pandan Nathalie leve poul soti al chache yon ti dlo, Nephtalie leve e li dil
  • Madanm ou touye m la !
  • Wè ou menm tifi, moun pa dwe an afè ak ou non, m pansew endispoze wi.
  • Non m sezi wi, kifè, moun gen kouraj chofe yon dlo kloròks epi yo al domi ladan?
  • Janw tande l lan cherim
  • E EEEEEEEEEEEEEEEEEEY moun antrave. Ki mal yo fè yo? Ou ka dim ?
  • Yo manke bèl yo vle mete sou bote yo.
  • Men tann mwen, ou pa wè ti sèm lan ? Son blak, yon bèl blak, li pran swen kòl, li toujou fre,e nenpot gason ki gason depi ou wèl ou paka pa tonbe, bouch ou paka pa kouri sòs, sou 3 pye pou rete, li pa nan chanje koulè po, son krèm fanm. Sanble se malpròp yo malpròp, yo pap benyen, yo pap pran swen kò yo, nwa vin rasi sou yo.
  • E ben deyò a gen plizyè se fanm krèm, fanm kloròks yo tounen. M pa konn si yo manfouben janw di an men yo renmen pase ti krèm yo.
  • Ou pa wè mis inivè 2019 lan,  son blak tèt grenn, li pran swen kòl, li bèl, li waw e li mis sou yon bann lòt ki gen cheve siro, ki gen cheve long e ki blanch.
  • Men fòk ou konnen sak nan tèt moun lan, kisa yap chache.
  • A Nathalie, pa vin pran pou yo, fòk ou mande yo eske yo konn kijan pou yo pran swen kò yo tou.
  • Koumansa ?
  • Bay vag, sèl bagay se tèt yo yap fè mal, lè yap itilize pwodwi pou manje melanin ki sou po yo an, ou pat tande gen yon madanm ki mouri akoz melanin pol manje?
  • Non, m pa konn koze sa non.
  • Fanm nan tap grimèl kòl ak ti krèm li, pol fin manje, li vin ansent, mal chans pou li, li paka pouse timoun lan, doktè oblije fè sezariyèn, chak tan yo koud li, pol chire, pol pa ka kenbe fil yo, ala fin van fin rantre anndanl nèt li mouri.
  • Wouch, doktè a te dwe itilize tep, li tepel pito.
  • Sa wap di konsa! Lèw doktè wa itilizel tep ou menm ...

Koulè nwa pa yon enferyorite parapò ak pyès lòt koulè, dayè li pi rezistan, li pi atreyan. Ou dwe pran swen kòw, paske jan provèb lan dil lan, vizaj ou se paspòw, ou dwe pran swenl. Men pa gen  foli sanble ak blan, po nwa se youn nan koulè po ki pi bèl sou latè, okenn lòt koulè paka konpare ak li. Retire foli sanble ak lòt moun, ou wè zanmi fè, oug anvi tou. Bon Bondye kreyew blak, lèl vin dèyèw lap wèw blan, sa sa vle di ? Esansyèl lan se pran swen kòw, kenbe frechèw. Fè yo imitew. M blak e m fyè.

Mike S. E. CHERISIEN (Stéph LeBéni)
Yon ti kozri || Rezo Kretyen Beni || RKB




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...