Accéder au contenu principal

Likidasyon pa dire

Likidasyon pa dire


Eske se denyè bout lan ? Eske ap wè yon Ayiti ki pi mal ke sa ki gen la a? Antouka, Ayiti nan tan prezan vin yon peyi de tanzantan ki lòk aprè lavi chè an ogmante. Se yon kote lè w sòti ou pa konn si w ap rantre, ou gen yon perèz tout kalte paske "kidnapping" lan ogmante, gen plis zam an sikilasyon e se pa ti zam, lapolis rete ap gade. W ap mande si ensekirite an pap rive lakay ou, èske klou sa pap pete nan figi ou. Men kijan nou fè rive nan tout sa ? Eske se pa nan denyè nivo an nou rive ? Anpil kesyon nou te ka poze jan nou wè peyi an ap depafini. Nan yon grenn mwa, moun pèdi lavi yo kou loko, se tankou vag lanmò an louvri, sa l  jwen li pran. Machann lanmò yo paka kenbe l ankò, y ap  likide l.  
Divès kote gen ensekirite pa yo paske kounya a chak zòn gen gang pa yo. Ann koumanse ak ensekirite Lasalin, Kiyès ki responsab ? Anpil bouch pale pou di yo vle kraze mache anba lavil lan pou makèt fè kòb. Si se vre, kot Leta ? Efektivaman, majorite moun kounya a evite pase anba lavil, pa bezwen di pou achte la paske si w ale ou ka pèdi kòb, ak lòt bagay ou pote e ou men tou ou ka pèdi lavi w, ki donk ou pito al achte tou sa w bezwen nan makèt oubyen nan yon ti mache bò lakay, oubyen tou, nan mache anwo yo. Men nou ka fè yon konparezon pri, nou pa wè anpil pwodwi pi chè nan mache ke nan makèt ? Nou pa fè konsta sa a?  Bon se pa pri ki enterese n, se ensekirite.  E gè ant gang Latibonit, kiyès ki responsab ? Toujou pou kraze pwodiksyon diri lokal lan ? Kòmsi ti pwodwiksyon nou an ase pou ban ou manje jouk kreye jalouzi bò enpòtatè diri nan peyi an? Ki aksyon Leta poze pou kwape zak sa yo? Kote lapolis? Se pa yon kesyon yon gwoup moun fè l pou l fè plis pwofi nan komès li men kouman fè leta kite tout sa fèt? Dayè gwo pò ki nan kapital lan se pa nan zòn cho li ye ? Nan yon ’’VAR’’.  Sann pa bezwen rantre nan group gang Kwadèboukè ak Tomazo yo, k ap fè lapli ak bo tan nan zòn yo. Mete Canaan 70, ki mete perèz pa l. Kote lapolis ? Kiyès k ap vin sove ti pèp lan ? 
Anpil moun di yo pap pale, kòmsi ensekirite an pa deranje yo. Men imajine ou gen kamyon machandiz ou ki sòti Sendomeng, w ap antre isit avè l pou al vann, lè ou prè kapital lan, gang deplwaye sou ou, yo pran kamyon machandiz ou epi yo mande w kòb pou jwenn kamyon an, ou peye kòb lan, yo baw kamyon san machandiz. Ou fè doub defisi. Kiyès ki koz ? Ou menm, paske se ou ki pèdi je kwa zan Dye w ou te pase la a. Yon de gouden w ap defann men ou tonbe atè plat. Ou sot dèyè kamyon machandiz Pòtoprens, w ap rantre Kabarè, kou ou rive Canaan 70, yo bare w. Moun ki pi kriminèl toujou, yo tire tout moun nan kamyon an. Poukisa? Ou vle fè moun pè? Se nan menm zòn sa a, pandan yon ti tan, popilasyon an te deklare, bandi ak gwo zam lou kenbe moun, fi kou gason, monte nan mòn lan ak yo, epi  vyole yo, fè plizyè jou ak yo. Kiyès ka p di ase? Kiyès ki responsab? Nan 21 jou gen 15 ka anlèvman, yo pa bezwen konnen malere an vini, yo pran l, moun ki gen yon ti mwayen anplis, yo pran l pou mande ranson. Menm Prèt legliz katolik pa epanye, moun yo te gen yon ti kras respè nan sosyete an. Bezwen fè lajan anpil e rapid lan vin yon nesesite pou yo. Sa ki vin rann pèson pa epanye. Si yo atake prèt, pa bezwen pale de polisye, de timoun. Yo touye 6 elèv nan 2 jou menm Ministè ledikasyon nasyonal pa pale. Yon ansyen polisye ak pitit li resevwa yon lapli katouch Kwadèboukè, li menm ak pitit fi l blese e mouri. Ki krim  timoun lan fè? Menm nan komisarya, ou jwenn kò polisye ki mouri. Yon polisye mouri ak pitit li, nou deplore zak lan, men kiyès ki koupab? Gen ankèt serye ki louvri sou dosye an? Ann kontinye viv, men kanaval. Yon lòt polisye tonbe, bon se yon règleman kont sanble? Kòm si li pa grav? Nou ap kite sa kontinye konsa? Nou serye? Konsa yon peyi ap fonksyone? Chèf gang pi popilè ke atis?
Pandan tan sa, 9 senatè ap goumen pou yo syeje nan Palman paske yo retire nan manda yo kòmsi y ap vin regle yon bagay serye. Lè n te la sa n te regle? Kounya nou wè pouvwa dous? Menm si yo ka gen rezon men se pa kounya pou yo wè sa. Sòti 28 jiyè 2011 rive 19 desanm 2019 leta ayisyen ranmase 159 989 861,50 dola ameriken sou transfè  dyaspora, ki ranfò lapolis lan jwenn? Lame nou mete sou pye an, ki ekipman nou achte pou yo? Pil taks ki rive nan plizyè milya goud nou pran chak mwa sou antrepriz ak ti anplwaye yo, mete sa leta rantre sou paspò, pèmi kondwi elatriye, konbyen ki rantre pou finanse yon politik dezameman ak sekite nan peyi an? Olye de sa n ap pale de kriz alimatè, kès leta pa gen kòb, leta pa ka reponn ak depans li yo, fòk swadizan sibvansyon gaz la retire. Men 1,26 trilyon dola ameriken pèdi chak ane nan koripsyon, podven, evazyon fiskal, e lòt bagay ilisit, sanbliye pil franchiz, frontyè an pa kontrole, polisye pa byen touche, gen kòb pou fè kanaval, men poko genyen pou lopital jeneral rekonstwi.
Ann gad yon lojik, plizyè refleksyon vle montre lapolis lan pa gen ase mwayen pou kwape zak malfektè san manman sa yo ap fè nan peyi an, men kisa ki manke? Kantite polisye nou gen la yo nètman pi plis ke kantite sòlda lame peyi an te genyen nan tan lontan. Se vre, yo pa gen menm fòmasyon, yo pa gen menm ekipman. Mete sou li yo pa p konbat menm malfra epi tay popilasyon an ogmante. Bandi lontan pat gen tout finansman ak ekipman sa yo. Solisyon an kounya èske se pa mete anba kòd moun k ap alimante gang yo, koupe pon ant yo menm ak gang yo? Epi mache pra gang yo youn pa youn? Ki solisyon pou kwape zak ensekirite nan peyi sa a? Bon grenn ayisyen yo n ap kite peyi an ba yo?
Antouka peyi sa a vin envivab, peyi an tounen yon jeng kote pou dan griyen ou viktim. Moun plis vle tounen machann, wi machann zam, machann katouch, machann tristès, machann lanmò, fè kòb fasil epi bay lanmò an likidasyon, an gwo e an detay, likidasyon pa dire. 

Mike S. E. CHERISIEN (Stéph LeBéni)
Rezo Kretyen Beni || RKB (ekri 19 fevriye 2020)



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...