Accéder au contenu principal

Nap veye men eske nou pare (pati 2)

Nap veye men eske nou pare? (Pati 2)

Nap viv nan Yon peyi kote nap asiste ak eta pil istwa, yok peyi teyat. Chak jou yon teyat rantre yon lòt. Leta ap jwe, opozisyon an ap gaye pay e ti pèp lan grangou plis. Ti plat manje 75 goud  rapid vit monte 200 goud, yon dola ameriken ki fè yon bon bout tan pwòch 60 goud gentan 100 goud nan mwens ke 3 lane manda prezidan sa a. E pratik distribiye zam pou kenbe pouvwa a sanble retounen e vin pi plis. Gang ame ap fè kenken, tout zòn gen yon group gang k ap kòmande l. Pou al nan zòn Sid peyi an, de Site Solèy jouk Matisan, kote nou jwen Aviyasyon, Lasalin, Vilaj De Dieu eks. tout se zòn wouj, se yon VAR, se VAR ki pi rèd lan. W ap pase ak kè sote ladan yo e si w pase san w pa viktim ou se yon ewo ki sot nan lagè. Menm kout baton an lè w vle al zòn frontyè a si w pase pa Kwadèboukè, paske depi w kite Kwadèboukè w ap pase pa Tomazo pou ale, w ap veye anwo, wap veye anba paske w ap pase nan yon lòt VAR. Sann pa bliye, Kanaran 70, ki konsidere tankou yon lòt VAR, e menm Latibonit gen VAR pa l. Mete sou li, kèk afrontman ant gang ame nan zòn Nò a. Kòm VAR lan pat sifi, yo vin ak kidnaping pou fini ak ti sa pèp la te ka genyen kòm epay. Nan yon jounen ou tande 3, 4, 5 ka anlèvman. Malerezman genyen ki konn mouri malgre ranson bay. Yo tire sou sitwayen  granm maten, se tankou banditis legalize. E nan tout sa yo, se moun ki pi mal ki rete pi mal, mal sele k ap foule. Nan je peyi lòt bò dlo tankou gouvènman ameriken, Ayiti gen menm konsiderasyon ak peyi ki gen teworis, kote yo entèdi resòtisan yo vini nan peyi an kit pou fè touris, kit pou fè biznis. Sa ki nòmal paske menm dirijan peyi an ap itilize mo teworis, atanta nan deklarasyon yo pou kalifye kèk mouvman nan peyi an tankou mouvman polisye yo. Yo wè mo yo bèl y ap itilize yo, genlè yo pa konn sa yo vle di. Aprè sa, yo menm ap mande ameriken retire entèdiksyon an. Fò w peye bouch ou tou. Si chak ti derapaj ki genyen, se mouvman teworis sa w vle pwojte? Otorite yo dwe asime responsabilite yo, si yo enkapab, yo enkonpetan pou jere sitiyasyon an fòk yo avwe l e ba dèyè yo de tap, vire ale.

Pandan gen tout sa yo nan peyi an, yon viris, Kovid-19 ap voye moun nan peyi san chapo toupatou nan mond lan. Lachin koumanse goute pa l depi fen Desanm 2019, epi li gaye. Sòti nan peyi Azyatik yo pase pa Itali, Lafrans, Almay, e tout blòk Ewòp lan mete ak Etazini, Kanada, Brezil ak Amerik lan fini sou blòk Afrik  lan. Tout mond lan jwenn bouchon li e li ajenou devan viris lan. Tout pòt lekòl fèmen, tout pòt asanble yo fèmen nan menm moman. Sèl BonDye ki ka di yon mo. Malgre gwo strikti ak enfrastrikti peyi sa yo, Kovid-19 rantre e fè ravaj. Ki ka peyi Dayiti? Yon peyi kote pa gen politik sante oubyen si genyen li pa aplike, gen lajan pou kanaval men lopital jeneral pa janm fin rekonstwi, yon pil medsen fòme nan peyi an tankou aletranje men yo pito al pwofese talan yo aletranje pou kèk nan yo oubyen lòt ki rete yo ap drive isit nan peyi an. Sanble yo pa itil anyen. Pa gen leta pou ki pran yo an chaj, kès leta toujou vid pou regle bon aksyon. Yo toujou gen bèl pawòl nan bouch men pa gen aksyon ki fèt. Gouvènman yo rete aloral sèlman. Men, nou mèt di BonDye mèsi ki fè peyi an rete yon bon bout tan san pa gen ka kovid-19 lan. Wi paske yon kote pil mouvman peyi lòk yo pat bon pou nou men li te pèmèt touris pa rantre ak maladi an, kanaval pa fèt pou pil moun vin gonfle ak maladi an, viris lan t ap yaya kò l nèt ale. Mete sou li fè n gen yon lide de konfinman, rete chita lakay sanw pap fè anyen an. Se byen domaj malgre nou swadizan ap veye, viris lan rantre kanmèm. Menm si yon pil moun pa kwè prezans viris lan paske yo panse son kòb Gouvènman ap fè, kòb bank mondyal ap bay peyi pòv ki frape pa viris lan. Gen moun k ap fè lajan sou maladi pèp sa a vre mezanmi? Mete nan tèt nou li rantre, kounya a èske n pare pou n jere konsekans yo?  Yon leta dan rachòt lage espwa li sou jansiv li men li bliye menm  yon sache dlo jansiv pa ka pete. Ou wè ka ti pèp sa a ! Depi lè viris lan t ap pwopaje nan mond lan, otorite yo te gen 2 mwa pou yo prepare yo, kisa ki fèt? 200 kabann sèlman ki disponib pou tout popilasyon an, se kounya y ap fè kòmand ekipman apwopriye pou jere ka n ap genyen yo, pa gen anpil bonbòn oksijèn pou moun malad yo respire e li prèske fini, pa gen aparèy respiratwa atifisyèl … E moun ki nan karantèn yo, yo jwenn bon manje 3 fwa pa jou? Te gen yon bri ki t ap kouri ki di se yon ONG ki ba moun yo yon plat manje cho blòk 4 trè, sòti lendi pou rive samdi. Èske se vre? Men si se pou lajan Bank mondyal ap bay peyi pòv ki gen ka yo ki fè zizye otorite yo bat pou di gen viris lan nan peyi an e y ap itilize tout strateji pou viris lan nan peyi a, ka nou debòde, grav anpil. Nou met fouye yon twou met Ayiti. Paske, nou tout nan menm bato an, ou ka di w sesi sela, depi viris lan nan peyi an nou tout ekspoze e pa gen kouri al lopital aletranje, tout kote gen lo pwoblèm pa yo. Malere kou gran nèg nan menm bato. Se sa w te gentan mete kòm enfrastrikti nan peyi an k ap sove w. Kòm ou pa t fè  anyen, veye zo w. Kidonk chak grenn ayisyen dwe rete vijilan, chak moun veye paske nou lage pou kont nou. Nan mezi nou kapab swiv konsiy yo, respekte prensip ijyèn yo. Ann pwoteje tèt nou, fanmi nou ak zanmi nou, paske se nou k ap veye.

Mike Stéphane E CHERISIEN (Stéph LeBéni)
Rezo Kretyen Beni || RKB




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...