Accéder au contenu principal

Nap veye men eske nou pare

Nap veye men èske nou pare? (Pati 1)

Menm si tout kote gen moso tèt chaje pa yo, nou ka poze tèt nou kesyon, kouman sa te ye isit lan? 
Fòk nou sonje peyi Dayiti sot pase yon ane 2019 ak Yon pil troub sosyo-politiko-ekonomik. E nou ka menm avanse depi lè nouvo prezidan sa a monte sou pouvwa a bagay la mangonmen pi rèd ke avan. Chanje Gouvènman pa pote solisyon, mete kòb nan ekonomi an pou frennen dola ameriken an ki ap vale tèren fas ak goud lan pat itil anyen menm. Yon dola ki rive 100 goud. Èske se volonte ki pa genyen pou sa chanje vre? Paske pwodiksyon lokal la pa finanse vre, pa gen enfrastrikti, kòb leta fè lòt bagay ke ede peyi an vanse, bidjè gouvènman plis yon bidjè fonksyonman olye envestisman... Kot manje nan plat ayisyen an? Kot lajan nan pòch lan? Gaz karavàn nan fini? Premye Minis sou premye minis pase e dènye sèn lan te montre jan nou ba tout bon, 2 gouvènman t ap souse ti resous leta nan menm peryòd lan. Lè Lapin te demisyone, malgre depite yo te mache ak gouvènman Fritz William nan, gras a prezidan chanm depite an, Gary Bodeau, kite vante tèt li kòm yon nèg ki gen metriz nan òganize seyans, chanm senatè yo pa briding, gouvènman sa rejte. Men gouvènman Lapin an kontinye, malgre li te demisyone. Anpeche Lapin ou Fritz William premye minis sanble pat kontrarye plan prezidan an paske li vin alèz pou mete youn sou pye. Li pa bezwen depite yo paske manda depite yo fini, li pa jwenn opozisyon senatè yo paske chanm sena kadik, 2 tyè nan sena a gen manda yo fini, selon prezidan an. Jouthe Joseph monte ak yon gouvènman tou nèf pandan Fritz William Michel demisyone. Sa l t ap regle e ben?

Pandan kèk palmantè t ap toke kòn ak prezidan an, opozisyon an tap pran daso e rantre nan lojik fèmen peyi an, ''peyi lòk''. Yon desizyon leta ki pa fè pèp la plezi, fè tout moun gonfle ponyèt yo montre yo fache, tout Moun rete Lakay yo. Nou raplen' leta te kontribye nan youn nan premye peyi lòk yo lè li te vle ogmante pri gaz la, Brezil elimine nan koupdimond, epi .... peyi lòk. Prèske chak dat istorik te gen peyi lòk: 17 Oktòb, 18 Novanm, 7 Fevriye … te lòk. Lèn' panse tout bagay fini, leta ap jwe kwen,  pa gen gaz. Malgre yo di bato rantre, pa gen gaz pi rèd nan ponp pou vann ak popilasyon an. Nèg ak pil galon jo-n fin awoyo, pa gen gaz pou vann senp sitwayen men genyen pou vann an gwo ak revandè ki pra l mete l sou mache a byen chè. Galon gazolin te gentan depase 1000 goud, galon revandè achte 250 goud. Epi blip ... peyi lòk. Lekòl kite gentan louvri oblije fèmen, tout aktivite paralize. Fòk nou di tou, nou chape anba yon peyi lòk nan mwa Fevriye an. Leta te pran pòz diktatè l, pa okipe mouvman polisye yo ki t ap mande bon kondisyon travay, ogmante salè yo, epi kite yo mete yon sendika sou pye. Polisye ke pouvwa a itilize kòm bouwo pou kraze manifestasyon opozisyon pa nenpòt ki mwayen, te vin anfas menm pouvwa sa a. E menm leta sa a ki di li pa gen kòb pou satisfè demand polisye yo, te deside fè kanaval. Lwa Desalin polisye yo monte yo, yo boule stand e menm rive gen yon afwontman tèrib, premye jou gra a, ant polisye ak kèk sòlda swadizan lame peyi an, yon lame po patat, milis woz kèk moun di.
Kisa Leta ap regle menm? Sosyete an pap janm pwogrese? Nap swiv ...

Mike Stéphane E CHERISIEN (Stéph LeBéni) 
Rezo Kretyen Beni || RKB





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La médecine traditionnelle en Haïti

La médecine traditionnelle est-elle légalisée par la législation haïtienne? Avec l'introduction officielle du nouveau Coronavirus en Haïti. Il y a un vent de panique qui a soufflé sur le territoire national. Non seulement par rapport à l'étrangeté du virus, ses lourdes victimes dans bien d'autres pays mêmes les mieux équipés, et ce en dépit de l'importance accordée au secteur sanitaire, du budget alloué à ce dernier et du respect scrupuleux pour le serment d'Hippocrate. Il y a lieu aussi de mentionner la vitesse vertigineuse avec laquelle le virus frappait et tuait d'innombrables gens. Mêmes les scientifiques qui devraient apporter une réponse proportionnelle à la pandémie, se montraient dépassés par les événements. D'où les médecins ont dû recourir à une sorte de traitement symptomatique en attendant un moyen rationnel pouvant éradiquer le virus. Face à une telle situation, un vieux débat allait rebondir dans le secteur sanitaire et dans les médias: Pourquo...

Coup d'œil sur cette pandémie le nouveau coronavirus

Conseils Santé : Coup d'œil sur cette ''pandémie'' le nouveau coronavirus, Covid-19 Le monde reste sous la menace d'une pandémie avec le nouveau coronavirus.Quoi exactement un risque de pandémie ? Quels sont les risques ? Faut-il s'inquiéter ? Comment les prévenir ? Une pandémie par définition est une épidémie présente sur une large zone géographique internationale. Dans le sens courant, elle touche une part particulièrement importante de la population mondiale. Qu'est-ce qu'un coronavirus ? Les coronavirus, qui doivent leur nom à la forme de couronne qu’ont les protéines qui les enrobent, font partie d’une vaste famille de virus dont certains infectentdifférents animaux, d'autres l'homme. Ils sont susceptibles d’être à l’origine d’un large éventail de maladies. Chez l’homme, ces maladies vont du rhume banal à une infection pulmonaire sévère, responsable d’une détresse respiratoire aiguë. Les coronavirus forment une vaste famille...

La sonnette d'alarme est tiré.

Depuis l'installation du président actuel, le pays ne cesse de faire face à de multiples crises, ''yon zen rantre yon lòt zen''. De la carte Dermalogue au climat d'insécurité actuel, en passant par la rareté de carburants, les ''peyi lòk'', le ''blakawout'' à outrance, malgré les promesses incessantes d'électrification du pays, la guerre entre les gangs armés pour le gain de territoire, le fameux G9 en famille et alliés, l'assassinat des étudiants, l'assassinat des membres de l'appareil de justice, l'élimination des opposants au pouvoir en douce, les crises au sein des écoles publiques… tous sont les points noirs, les notes négatives de ce régime. Sans oublier, les fonds du Petro Karibe qui étaient dilapidés par certains de ces dirigeants sous d'autres gouvernements. Au delà de ces tensions, l'éducation en Haïti, surtout l'éducation des enfants dans les écoles publiques connait une crise inimaginabl...