VAR Eske li nòmal pou nap viv nan venteinyèm syèk sa pou Peyi an gen zòn moun pa ka pase akoz ensekirite ? E depiw pase la, yo konsiderew kòm yon ewo. Bon, ka sa a grav anpil. Mache pèp lan, mache kotew jwen tout bagay ou bezwen, fin kraze. Se pa paske li te fèt an beton li kraze men vòlè, bandi, gang pran zòn lan an otaj e machann tankou kliyan ki konn achte pè pase la. Kisa nap fè ak peyi sa ? Kisa nou vle ? - Nathalie, ou pap al nan fak lan? Lè a preske rive sou nou wi. -Pa enkyetew Neph, nap gentan rive. -Sa wap di la, li preske 8 è wi. Ou bliye Ayopò ak Nazon toujou gen yon vye blokis. A dizè nap rive . - E ben ann pran yon bis lavil. - KISA? - Sa lavil genyen ? Epi si le cho, yo pase pa anndan Ayopò wi pitit, gad jan Nephtalie kapon. - Se pa kapon, se pridan. M pa wè rezon pou pran bis la non, kòm anba l'avion Cho, se Ayopò lap pase, pitom pran kamyonèt. - Bis la ap tou chaje Bonrepo wi. Olye ou monte desann nan kamyonèt, pito ou pran yon vòl dirèk nan bis. - E ben...
Rezo Kretyen Beni est un média évangélique qui informe le public de toutes les actualités à travers le monde gråce à des articles. Nous offrons aussi des articles sur tout ce qui peut attirer l'attention et aider le chrétien à faire la route à la rencontre de notre Dieu et aider le non croyant à venir à la rencontre de Dieu. Les articles que nous offrons sont instructifs pour tout un chacun.
Commentaires
Enregistrer un commentaire